Skip to content

Verite a sèke sa ki pèmèt (halal) la klè, e sa ki entèdi (haram) la klè tou.

Bò kote Nouman ibn Bashir (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di epi Nouman te lonje 2 dwèt li bò zòrèy li:

«Anverite, sa ki halal klè epi sa ki haram klè, epi ant yo 2 a gen bagay ki gen dout ke anpil moun pa konnen. Donk, moun ki evite bagay ki gen dout yo, li mete relijyon li ak onè li klè, epi moun ki tonbe nan bagay ki gen dout yo, li tonbe nan sa ki haram, menm jan ak yon bèje kap gade bèt li yo bò kote yon patiraj rezève, li pa lwen kite bèt yo manje ladan li. Atansyon! Chak wa genyen yon zòn rezève. Atansyon! Zòn rezève Allah a, se sa Li entèdi yo. Atansyon! Nan kò a gen yon moso chè, lè li bon, tout kò a vin bon, epi lè li gate, tout kò a vin gate. Atansyon! Se kè a.»

«إِنَّ الْحَلَالَ بَيِّنٌ وَإِنَّ الْحَرَامَ بَيِّنٌ، وَبَيْنَهُمَا مُشْتَبِهَاتٌ لَا يَعْلَمُهُنَّ كَثِيرٌ مِنَ النَّاسِ، فَمَنِ اتَّقَى الشُّبُهَاتِ اسْتَبْرَأَ لِدِينِهِ وَعِرْضِهِ، وَمَنْ وَقَعَ فِي الشُّبُهَاتِ وَقَعَ فِي الْحَرَامِ، كَالرَّاعِي يَرْعَى حَوْلَ الْحِمَى يُوشِكُ أَنْ يَرْتَعَ فِيهِ، أَلَا وَإِنَّ لِكُلِّ مَلِكٍ حِمًى، أَلَا وَإِنَّ حِمَى اللهِ مَحَارِمُهُ، أَلَا وَإِنَّ فِي الْجَسَدِ مُضْغَةً، إِذَا صَلَحَتْ صَلَحَ الْجَسَدُ كُلُّهُ، وَإِذَا فَسَدَتْ فَسَدَ الْجَسَدُ كُلُّهُ، أَلَا وَهِيَ الْقَلْبُ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) esplike yon prensip jeneral nan bagay yo, epi ke yo divize nan lwa Islamik la an 3 kategori: sa ki pèmèt (halal) klè, sa ki entèdi (haram) klè, ak zafè ki gen dout sou yo ki pa gen règleman klè konsènan sa ki pèmèt ak sa ki entèdi, epi anpil moun pa konnen règleman yo. Konsa, nenpòt moun ki evite bagay ki pote dout yo (sa ki pa klè yo), relijyon li an ap rete an sekirite paske lap rete lwen sa ki entèdi (haram), epi onè li ap rete pwòp tou devan moun, pou yo pa kritikel oswa pale mal de li poutèt li te angajel nan bagay ki pa klè yo. Epi moun ki pa evite bagay ki gen dout yo, li ekspoze tèt li swa pou li tonbe nan sa ki entèdi a, oubyen pou moun sal onè li. Epi Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te bay yon egzanp pou li montre sitiyasyon moun ki fè bagay ki gen dout yo, epi li fè konnen moun sa a tankou yon gadò kap fè bèt li yo manje touprè yon tè pwopriyetè li te pwoteje. Konsa, li pa lwen pou bèt gadò a antre al manje nan zòn pwoteje sa a paske yo touprè li. Ebyen, se menm jan an tou pou moun ki fè sa ki gen dout ladan li an, nan fason sa a li vin pi prè sa ki entèdi a, epi li pa lwen pou li tonbe ladan li. Aprèsa, Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke nan kò a gen yon ti moso chè (ki se kè a), lè li bon, kò a bon, epi lè li gate, kò a gate.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Ankouraje moun kite bagay ki gen dout sou yo, kote sa lalwa Allah di sou yo a pa klè.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 20) (52).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1219) (1599).

Plis (7)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثا النووية (ص18).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص105).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للعباد (ص41).

فتح الباري لابن حجر (4/ 291).

شرح النووي على مسلم (11/ 28).