Mwen te resevwa lòd pou mwen fè pwostènasyon (Soudjoud) sou 7 pati nan kò mwen.
Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«Mwen te resevwa lòd pou mwen fè pwostènasyon (Soudjoud) sou 7 pati nan kò mwen: sou fwon an—epi li te montre nen li ak men li—, 2 pla men yo, 2 jenou yo, ak pwent dwèt pye yo, epi pou nou pa pliye rad nou ak cheve nou».
«أُمِرْتُ أَنْ أَسْجُدَ عَلَى سَبْعَةِ أَعْظُمٍ: عَلَى الْجَبْهَةِ وَأَشَارَ بِيَدِهِ عَلَى أَنْفِهِ، وَالْيَدَيْنِ، وَالرُّكْبَتَيْنِ، وَأَطْرَافِ الْقَدَمَيْنِ، وَلَا نَكْفِتَ الثِّيَابَ وَالشَّعَرَ».
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te eksplike ke Allah te ba li lòd pandan lapriyè a pou li fè pwostènasyon (Soudjoud) sou 7 pati nan kò a; ki se: Premyèman: Fwon an: Ki se pati nan vizaj la ki anwo nen an ak 2 zye yo, Epi li (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre nen li ak men li, pou li montre klè ke fwon an ak nen an se yon sèl pati nan 7 pati yo, epi pou li konfime ke moun kap fè pwostènasyon (Soudjoud) la dwe touche atè ak nen li. Dezyèm ak twazyèm pati kò a: 2 men yo. Katriyèm ak senkyèm: 2 jenou yo. Sizyèm ak setyèm: Zòtèy 2 pye yo. Epi, nou te resevwa lòd pou nou pa mare cheve nou, oswa ranmase rad nou yo mete youn sou lòt lè nap fè pwostènasyon (Soudjoud) atè a nan lide pou nou pwoteje yo (pou yo pa sal); men okontrè, nou dwe kite yo tonbe lib pou yo ka touche atè a, yon fason pou yo ka fè pwostènasyon (Soudjoud) ansanm ak lòt pati nan kò nou yo.
ولا نَكْفِت: الكَفت: الجَمع والضَّم.
Obligasyon pou fè pwostènasyon (Soudjoud) nan lapriyè sou 7 pati nan kò a.
Li deteste pou ranmase ak mare rad ak cheve nan lapriyè a.
Moun kap priye a dwe rete ak kalm (san prese) nan priyè li a, epi sa fèt lè li poze 7 pati nan kò a pou fè pwostènasyon an (Soudjoud) atè a, epi li rete byen fèm sou yo jiskaske li di rapèl (Dhikr) ki rekòmande a.
Entèdiksyon pou mare cheve a se pou gason sèlman, pa pou fanm; paske se yon obligasyon pou fanm nan kouvri kò li nan lapriyè.
Sahih Al-Bukhari (1/ 162) (812).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 354) (490).
Plis (12)
المنهاج شرح صحيح مسلم.
للنووي (4/ 206).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعلي القاري (2/ 718).
سبل السلام شرح بلوغ المرام.
للصنعاني (1/ 270).
توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.
لعبد الله البسام (2/ 229).
فتح ذي الجلال والإكرام شرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (2/ 115).
منار القاري.
لحمزة قاسم (2/ 202).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- المناهج التعليمية - الصف الرابعالمناهج التعليمية - الصف الرابع - الفقه«أُمِرْتُ أَنْ أَسْجُدَ عَلَى سَبْعَةِ أَعْظُمٍ: عَلَى الجَبْهَةِ - وَأَشَارَ بِيَدِهِ عَلَى أَنْفِهِ -، وَاليَدَيْنِ، وَالرُّكْبَتَيْنِ، وَأَطْرَافِ القَدَمَيْنِ» [26].
- شروط الصلاة وأركانها وواجباتها«أُمِرْتُ أَنْ أَسْجُدَ عَلَى سَبْعَةِ أَعْظُمٍ»[91][92]،