Skip to content

Sètènman, pi gwo bagay mwen pè pou nou an se Chirk ki pi piti a. Yo te mande: Kisa ki Chirk ki pi piti a, O Mesaje Allah? Li te reponn: Riya.

Daprè Mahmoud ibn Labid (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

"«Pi gwo bagay mwen pè pou nou an se Chirk ki pi piti a» Yo te mande: E kisa ki Chirk ki pi piti a, o Mesaje Allah? Li di: «Riya, Allah Toupwisan an ap di yo nan Jou Rezirèksyon an lè moun yo ap jwenn rekonpans pou aksyon yo: Ale jwenn moun nou te konn ap fè wè pou yo nan lavi mond sa a, epi gade pou nou wè èske nap jwenn okenn rekonpans bò kote yo?»."

«إِنَّ أَخْوَفَ مَا أَخَافُ عَلَيْكُمُ الشِّرْكُ الْأَصْغَرُ» قَالُوا: وَمَا الشِّرْكُ الْأَصْغَرُ يَا رَسُولَ اللهِ؟ قَالَ: «الرِّيَاءُ، يَقُولُ اللهُ عز وجل لَهُمْ يَوْمَ الْقِيَامَةِ إِذَا جُزِيَ النَّاسُ بِأَعْمَالِهِمْ: اذْهَبُوا إِلَى الَّذِينَ كُنْتُمْ تُرَاؤُونَ فِي الدُّنْيَا، فَانْظُرُوا هَلْ تَجِدُونَ عِنْدَهُمْ جَزَاءً؟».

Rapòte pa Ahmad
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) fè konnen ke pi gwo bagay li pè pou kominote li a se: Chirk ki pi piti a, e li se: fè wè (riya); kote yon moun fè aksyon pou moun ka wèl. Epi Li te pale konsènan pinisyon moun ki te konn ap fè wè yo nan Jou Jijman an, kote yo pral di yo: Ale jwenn moun nou te konn ap fè aksyon pou yo a, epi gade pou nou wè si yo gen pouvwa pou yo rekonpanse nou epi ban nou rekonpans pou aksyon sa a?!

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Obligasyon pou travay ak yon kè ki sensè pou Allah sèlman, Toupwisan e Majestye, epi fè atansyon ak fè wè.

Gwo konpasyon li (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li) te genyen pou Kominote li a, devouman li pou gide yo, epi bon konsèy li te ba yo.

Si sa te lakrentif li (lapè ak benediksyon Allah sou li) pandan li tap pale ak Konpayon yo, alòske se yo menm ki lidè moun ki jis yo, enben lakrentif la pi gwo toujou pou moun ki vin aprè yo.

Referans yo.

Mousnad Ahmad (39/ 39) (23630).

Plis (4)

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

لمحمد القرعاوي (ص57).

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص45).