Skip to content

Nenpòt moun ki fè bèl aksyon nan Islam, li pap jwenn pinisyon pou sa li te fè nan epòk inyorans lan , epi nenpòt moun ki fè move zak nan Islam, lap jwenn pinisyon pou premye yo ak dènye yo.

Daprè Ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li), li te di:

Yon mesye te di: O Mesaje Allah, èske yap rann nou responsab pou sa nou te fè nan epòk inyorans lan ? Li di: «Nenpòt moun ki aji byen nan Islam, yo pap rann li responsab pou sa li te fè nan epòk inyorans lan, epi nenpòt moun ki aji mal nan Islam, yap rann li responsab pou premye a ak dènye a.»

قَالَ رَجُلٌ: يَا رَسُولَ اللهِ، أَنُؤَاخَذُ بِمَا عَمِلْنَا فِي الْجَاهِلِيَّةِ؟ قَالَ: «مَنْ أَحْسَنَ فِي الْإِسْلَامِ لَمْ يُؤَاخَذْ بِمَا عَمِلَ فِي الْجَاهِلِيَّةِ، وَمَنْ أَسَاءَ فِي الْإِسْلَامِ أُخِذَ بِالْأَوَّلِ وَالْآخِرِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap eksplike merit antre nan Islam, Epi ke nenpòt moun ki aksepte Islam epi li pratikel byen, epi li sensè ak tout kèl; yo pap mandel kont pou peche li te fè nan tan inyorans lan, Kanta moun ki fè sa ki mal nan Islam (swa paske li te yon ipokrit oswa paske li te vire do bay relijyon an,yap rann li kont pou tout sa li te fè pandan li te enkredil, epi pou tout sa li te fè pandan li te nan Islam.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Enkyetid Konpayon yo (se pou Allah satisfè yo) ak krentif yo pou aksyon yo te konn fè nan epòk inyorans lan.

« Ankourajman pou rete fèm (gen pèseverans) nan Islam. »

Merit antre nan Islam, epi li efase tout peche ki te fèt anvan yo.

Moun ki soti nan relijyon an (ki vire do bay Islam) ak ipokrit la, yap mande yo kont pou chak aksyon yo te fè anvan nan epòk inyorans lan, epi pou chak peche yo fè nan Islam.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (9/ 14) (6921).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 111) (120).

Plis (3)

مشارق الأنوار على صحاح الآثار (2/229).

الكواكب الدراري (24/43).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (24/ 76).