Skip to content

Egzanp yon bon zanmi ak yon move zanmi se tankou yon machann pafen ak yon bòs fòjon.

Daprè Abou Mousa (ke Allah satisfè de li), daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«Sètènman, egzanp bon konpayon an ak move konpayon an se tankou moun kap pote pafen ak fòjwon kap soufle dife a. Pou moun kap pote pafen an: swa li fèw kado ladan li, swa ou achte nan men li, oswa ou pran yon bon lodè sou li. Men, pou fòjwon kap soufle dife a: swa li boule rad ou, oswa ou pran yon move lodè sou li.»

«إِنَّمَا مَثَلُ الْجَلِيسِ الصَّالِحِ وَالْجَلِيسِ السَّوْءِ كَحَامِلِ الْمِسْكِ وَنَافِخِ الْكِيرِ، فَحَامِلُ الْمِسْكِ: إِمَّا أَنْ يُحْذِيَكَ، وَإِمَّا أَنْ تَبْتَاعَ مِنْهُ، وَإِمَّا أَنْ تَجِدَ مِنْهُ رِيحًا طَيِّبَةً، وَنَافِخُ الْكِيرِ: إِمَّا أَنْ يُحْرِقَ ثِيَابَكَ، وَإِمَّا أَنْ تَجِدَ رِيحًا خَبِيثَةً».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay egzanp lan pou 2 kalite moun: Premye kalite a: Konpayon an ak zanmi ki jis la, ki gidew bò kote Allah ak nan sa ki fèl plezi, epi ki edew nan obeyisans, Egzanp li se tankou yon machann pafen : swa li ba ou, swa ou achte nan men li, oswa ou jwenn epi ou santi yon bon sant nan men li. Epi dezyèm kalite a: Konpayon ak move zanmi; Moun kap anpeche swiv chemen Allah, epi kap ede nan fè peche, ou wè move aksyon nan men li, epi wap jwenn repwòch poutèt ou fè zanmi epi chita avèk moun tankou li, Kidonk, egzanp li se tankou yon fòjwon kap soufle dife a; swa lap boule rad ou ak etensèl kap vole yo, oswa wap pran yon move sant lèw prèl.

Pami benefis Hadith la

Li pèmèt pou bay egzanp pou rann sans lan pi klè pou moun kap koute a.

Ankouraje epi pouse moun pou yo mache ak moun ki obeyisan ak moun kap fè sa ki dwat, epi evite mache ak moun kap fè mechanste ak moun ki gen move konpòtman.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (7/ 96) (5534).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2026) (2628).

Plis (5)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 431).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 339).

شرح النووي على مسلم (16/ 178).