Skip to content

Evite 7 gwo peche ki detwi moun.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

« Pwofèt la te di: "Evite 7 gwo peche ki detwi moun." Yo mande l: "O Mesaje Allah, kiyès yo ye?" Li reponn: "Se bay Allah asosye (chirk), fè maji (si-r), touye yon moun Allah entèdi touye sof pou yon rezon valab, manje enterè (riba), manje byen yon timoun òfelen, kouri kite chan batay la lè gè a pete , ak akize fanm ki chaste, ki kwayan e ki inosan (fè yo sispèk kòm fanm movèz vi)." »

«اجْتَنِبُوا السَّبْعَ الْمُوبِقَاتِ»، قَالُوا: يَا رَسُولَ اللهِ وَمَا هُنَّ؟ قَالَ: «الشِّرْكُ بِاللهِ، وَالسِّحْرُ، وَقَتْلُ النَّفْسِ الَّتِي حَرَّمَ اللهُ إِلَّا بِالْحَقِّ، وَأَكْلُ الرِّبَا، وَأَكْلُ مَالِ الْيَتِيمِ، وَالتَّوَلِّي يَوْمَ الزَّحْفِ، وَقَذْفُ الْمُحْصَنَاتِ الْمُؤْمِنَاتِ الْغَافِلَاتِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) kòmande kominotel la pou yo rete lwen 7gwo krim ak peche ki mennen nan pèdisyon. Lè yo te mandel kiyès yo ye, li te klarifye yo konsa: Premyèman: Bay Allah asosye (chirk). Sa vle di pran yon moun oswa yon bagay pou mete bò kote Li oswa pou fèl sanble ak Li (Senyè toupwisan an), kèlkeswa fòm sa ta ka pran. Sa gen ladan li tou ofri nenpòt kalite adorasyon bay yon lòt moun ki pa Allah. Li te kòmanse ak chirk nan lis la paske se li ki peche ki pi grav la. Dezyèmman: Maji. Se yon seri ne, enkantasyon, remèd, ak lafimen ki gen efè sou kò moun yo majye a, swa pou touyel, pou fè li malad, oswa pou separe yon mari ak madanm li. Se yon travay dyabolik, epi anpil nan pratik sa yo pa posib sof si moun nan fè chirk (bay Allah asosye) epi li pwoche bò kote move lespri yo ak bagay yo renmen. Twazyèm pwen an: Touye yon moun ke Allah entèdi pou yo touye a, sof ak yon rezon valab daprè lalwa Islamik la, ki dwe egzekite pa dirijan an (otorite a). Katriyèmman: Manje enterè (riba), kit se pa mwayen manje sa ki pwodwi nan enterè a oswa nenpòt lòt fason ou tire pwofi nan li. Senkyèmman: Fè abi sou byen timoun piti ki pèdi papal pandan li poko rive nan laj pibète. Sizyèmman: Kouri kite chan batay la lè wap konbat kont moun ki pa kwayan yo. Setyèmman: Akize fanm ki onèt epi ki chaste yo kòm fanm movèz vi (fè yo sispèk kòm fanm ki fè adiltè), e menm jan an tou, akize gason yo pou menm bagay la.

Siyifikasyon mo yo

....:

Pami benefis Hadith la

Gwo peche yo (al-kaba'ir) pa limite sèlman nan 7 sa yo; yo te chwazi 7 sa yo espesyalman paske yo gen anpil gravite epi yo reprezante yon gwo danje.

Li pèmèt pou yo touye yon moun si se nan kad lalwa (pa egzanp: pou pinisyon "qisas" (lalwa taliyon), pou moun ki abandone relijyon an (apostazi), oswa pou adiltè ki fèt pa yon moun ki marye), epi se chèf relijye a (oswa otorite legal la) ki responsab pou egzekite sa.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 10) (2766).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 92) (89).

Plis (3)

شرح صحيح البخارى لابن بطال (8/ 489).

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

للشيخ صالح الفوزان (ص201).