Yon sèvitè fè yon peche, epi li di: O Allah! Padonem peche mwen.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avèk li)
« Soti nan Pwofèt la (Ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), nan sa lap rapòte soti nan Seyè li a (Allah) ki gen tout pouvwa a, li di: "Yon sèvitè te fè yon peche, li di: 'O Allah, padone pechem lan.' Allah (ki beni epi ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche. Fè sa ou vle, paske Mwen deja padonew.'" »
عَنِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فِيمَا يَحْكِي عَنْ رَبِّهِ عَزَّ وَجَلَّ، قَالَ: «أَذْنَبَ عَبْدٌ ذَنْبًا، فَقَالَ: اللَّهُمَّ اغْفِرْ لِي ذَنْبِي، فَقَالَ تَبَارَكَ وَتَعَالَى: أَذْنَبَ عَبْدِي ذَنْبًا، فَعَلِمَ أَنَّ لَهُ رَبًّا يَغْفِرُ الذَّنْبَ، وَيَأْخُذُ بِالذَّنْبِ، ثُمَّ عَادَ فَأَذْنَبَ، فَقَالَ: أَيْ رَبِّ اغْفِرْ لِي ذَنْبِي، فَقَالَ تَبَارَكَ وَتَعَالَى: عَبْدِي أَذْنَبَ ذَنْبًا، فَعَلِمَ أَنَّ لَهُ رَبًّا يَغْفِرُ الذَّنْبَ، وَيَأْخُذُ بِالذَّنْبِ، ثُمَّ عَادَ فَأَذْنَبَ، فَقَالَ: أَيْ رَبِّ اغْفِرْ لِي ذَنْبِي، فَقَالَ تَبَارَكَ وَتَعَالَى: أَذْنَبَ عَبْدِي ذَنْبًا، فَعَلِمَ أَنَّ لَهُ رَبًّا يَغْفِرُ الذَّنْبَ، وَيَأْخُذُ بِالذَّنْبِ، اعْمَلْ مَا شِئْتَ فَقَدْ غَفَرْتُ لَكَ».
« Pwofèt la (ke Allah benil epi ba li lapè) rapòte pawòl Seyè li a: "Lè yon sèvitè fè yon peche, epi li di: 'O Allah, padone pechem lan!', Allah (ki beni e ki wo anpil) reponn: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, men li te rekonèt li gen yon Seyè ki kapab padone peche, ki kapab kouvri li (pou l pa parèt), ki kapab pase sou li, oswa ki kapab pini li poutèt li. Se poutèt sa, Mwen deja padonel.'" » Answit sèvitè a retounen fè peche, epi li di: Mèt mwen! Padonem pou pechem nan. Epi Allah di: Sèvitèm nan fè yon peche, epi li konnen ke li gen yon Mèt ki konn padone peche, ki kachel epi ki efase li, oswa ki pini pou li; anverite, Mwen padone sèvitèm nan. Aprèsa, sèvitè a tounen fè peche, epi li di: Mèt mwen! Padonem peche mwen an. Epi Allah di: Sèvitè mwen an fè yon peche, epi li konnen li gen yon Mèt ki padone peche, ki kachel epi ki pase sou li, oubyen ki pinil pou li. Mwen padone sèvitè mwen an, donk li mèt fè sa li vle, toutotan chak fwa li fè peche, li sispann fè peche a, li regrèt sa epi li pran desizyon poul pa tounen ladanl ankò, men pwòp tèt li bat li epi li tonbe nan peche a yon lòt fwa ankò. Konsa, toutotan lap aji konsa, lap fè peche epi lap fè repantans, map padonel, paske repantans lan efase tou sa ki te fèt anvanl yo.
...:
Bousòl mizèrikòd Allah a pa gen limit pou sèvitèl yo; kèlkeswa kantite peche yon moun fè, kèlkeswa sa li pase, depi li tounen vin jwenn li ak tout kèl, Allah ap toujou aksepte repantans li.
Moun ki gen lafwa nan Allah (ki gen tout pouvwa a) ap tann padon Seyè li a avèk espwa, men an menm tan, li pè pou pinisyon Li. Se poutèt sa, li prese tounen vin jwenn Allah nan repantans, epi li pa rete nan fè sa ki mal.
Kondisyon pou repantans ki kòrèk la: sispann fè peche a nèt, gen gwo regrè pou li, epi pran desizyon fèm pou pa janm retounen nan peche a ankò. Epi si repantans lan se pou enjistis ki te fèt kont lòt moun, kit se nan byen yo, nan repitasyon yo oswa nan lavi yo, gen yon katriyèm kondisyon ki ajoute, ki se: mande moun nan padon (repare sa), oswa rann li sa ki pou li.
Konesans sou Allah se yon bagay ki gen anpil enpòtans. Li pèmèt sèvitè a konnen tout sa ki gen rapò ak relijyon li, sa ki fèl toujou repanti chak fwa li fè yon erè. Konsa, li pa janm pèdi espwa, epi li pa janm pèsiste nan fè sa ki mal.
Sahih Al-Bukhari (9/ 145) (7507).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2112) (2758).
Plis (5)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين (1/ 383).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 493).
النهاية في غريب الحديث والأثر.
لابن الأثير(674).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«أَذْنَبَ عَبْدٌ ذَنْبًا؛ فَقَالَ: اللَّهُمَّ! اغْفِرْ لِي ذَنْبِي، فَقَالَ -تبارك وتعالى- : أَذْنَبَ عَبْدِي ذَنْبًا، فَعَلِمَ أَنَّ لَهُ رَبًّا يَغْفِرُ الذَّنْبَ، وَيَأْخُذُ بِالذَّنْبِ، ثُمَّ عَادَ فَأَذْنَبَ، فَقَالَ: أَيْ رَبِّ! اغْف
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (4)التربية الإسلامية 4«أَذْنَبَ عَبْدٌ ذَنْبًا، فَقالَ: الله مَّ اغْفِرْ لِي ذَنْبِي، فَقالَ تَبارَكَ وَتعالى: أَذْنَبَ عَبْدِي ذَنْبًا، فَعَلِمَ أَنَّ لَهُ رَبًّا يَغْفِرُ الذَّنْبَ، وَيَأْخُذُ بِالذَّنْبِ، ثُمَّ عادَ فَأَذْنَبَ، فَقالَ: أَيْ رَبِّ اغْفِرْ لِي