Skip to content

Moun ki aprann yon konesans sou zetwal yo, li pran yon branch nan maji (Sihr), plis li chèche anplis, se plis sa ap ogmante.

Daprè Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Nenpòt moun ki pran yon konesans nan zetwal yo, li pran yon branch nan maji (Sihr), epi plis li ogmante nan konesans sa a, se plis lap ogmante nan maji a.»

«من اقتبَسَ علْمًا مِنَ النُّجُومِ اقْتبَسَ شُعبَة مِن السِّحرِ، زادَ ما زادَ».

Rapòte pa Abou Dawoud, Ibn Majah ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) eksplike sa aklè: nenpòt moun ki aprann epi ki pran nan syans etwal ak siy zodyak yo, epi kap sèvi ak mouvman yo, lè yo antre ak lè yo soti, pou tire konklizyon sou evènman kap pase sou tè a, tankou lanmò yon entèl, lavi li oswa maladi li, ak lòt bagay konsa ki gen pou rive nan lavni, moun sa a aprann yon pati nan maji. Epi, plis yon moun ap ogmante nan konesans sa a, se plis lap ogmante nan zafè maji a tou.

Siyifikasyon mo yo

من اقتبسَ: من تعلّم.

شعبة: طائفة وقطعة.

Pami benefis Hadith la

Li entèdi pou moun fè astroloji (tanjim), ki vle di predi sak pral rive nan lavni lè yo baze yo sou pozisyon zetwal yo; paske pratik sa a se pretann moun konnen sak kache (lavni), yon konesans ki tankou pa Allah sèlman.

Astwoloji ki entèdi a antre nan kategori maji ki kontredi Tawhid la. Okontrè, gade zetwal yo pou konnen direksyon yo, oswa Kibla a, oswa kòmansman sezon yo ak mwa yo, sa se yon bagay ki pèmèt.

Plis li kontinye aprann astwoloji, se plis lap aprann nan divès branch maji yo.

Gen 3 avantaj zetwal yo genyen Allah mansyone nan liv li a: yo sèvi kòm bèl dekorasyon pou syèl la, kòm siy pou moun jwenn chemen yo, epi kòm pwojektil pou kouri dèyè dyab yo .

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (6/ 50) (3905).

Sounna Ibn Majah (4/ 670) (3726).

Mousnad Ahmad (3/ 454) (2000).

Plis (4)

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

للقرعاوي (ص230).

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

للفوزان (ص206).