Skip to content

Lè yon moun mouri, zèv li yo kanpe pou li eksepte pou 3 bagay: eksepte pou yon charite kap kontinye, oswa yon konesans moun benefisye de li, oswa yon pitit ki dwat kap priye pou li

Daprè Abu Hurayrah (ke Allah aseptel), Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Lè yon moun mouri, zèv li yo kanpe eksepte pou 3 bagay: eksepte pou yon charite kap kontinye, oswa yon konesans moun benefisye de li, oswa yon pitit ki dwat kap priye pou li».

«إِذَا مَاتَ الْإِنْسَانُ انْقَطَعَ عَنْهُ عَمَلُهُ إِلَّا مِنْ ثَلَاثَةٍ: إِلَّا مِنْ صَدَقَةٍ جَارِيَةٍ، أَوْ عِلْمٍ يُنْتَفَعُ بِهِ، أَوْ وَلَدٍ صَالِحٍ يَدْعُو لَهُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen zèv moun ki mouri a kanpe lè li mouri, konsa li pa jwenn okenn bon zèv aprèl mouri, eksepte pou 3 bagay sa yo; paske se li ki te kòz yo: Premye a : Se charite ki gen rekonpans li kap kontinye epi ki pap janm sispann, tankou donasyon pèmanan (wakf), bati moske, fouye pi dlo, ak lòt bagay konsa. Dezyèm lan : Se konesans moun yo tire benefis ladan li, tankou ekri liv konesans (oubyen liv ansèyman), oswa anseye yon moun, epi moun sa a vin gaye konesans sa a aprè lanmò li. Twazyèm pwen an se: Bon pitit kwayan ki fè Doua(priye) pou paran li.

Pami benefis Hadith la

Tout savan yo tonbe dakò sou sa : pami bagay kap kontinye pote rekonpans pou yon moun aprè lanmò li, genyen : charite kap kontinye bay benefis (sadaqa jariya), konesans moun yo tire pwofi ladan li, ak lapriyè (du'a) moun fè pou li; epi nan lòt adit (pawòl pwofèt la), yo mansyone pelerinaj (Hadjj) la tou.

Li te mansyone 3 bagay sa yo espesyalman nan adit sa a paske yo se rasin (baz) tout byen, epi se prensipal bagay moun ki gen bon kè yo swete ki rete aprè yo fin mouri.

Nenpòt konesans moun tire pwofi ladan lap pote rekonpans pou li, men nan pi wo nivo a ak nan tèt tout, se konesans relijye a (syans relijyon an) ansanm ak lòt branch konesans ki vin sipòtel.

Konesans se sa ki pi itil pami 3 bagay sa yo; paske moun ki aprann konesans lan tire benefis ladan li, konesans lan pèmèt prezève relijyon an (lalwa Allah), li pote avantaj pou tout kreyati an jeneral, epi li pi laj epi pi jeneral paske moun aprann nan konesans ou pandan ou vivan epi menm aprè lanmò ou.

Ankourajman pou elve pitit ki dwat (pitit ki gen krentif pou Allah ; paske se yo menm kap itil paran yo nan lavi aprè lanmò a (nan lakou verite), epi pami fason yo itil yo, se lapriyè yap fè pou yo.

Ankourajman pou fè byen ak paran yo aprè lanmò yo, epi li se tou pami bon zèv pitit la ap tire benefis ladan li.

Lapriyè (siplikasyon) itil moun ki mouri a menm si se pa pitit li ki fèl, men yo te mansyone pitit la espesyalman paske nan pifò ka se li menm ki kontinye priye pou moun nan jiskaske li menm tou li mouri.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1255) (1631).

Plis (1)

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (28/ 413).