Skip to content

Kondisyon ki pi merite pou nou respekte nèt, se sa nou te aksepte pou nou ka gen dwa marye ak madanm nou (pou nou ka gen rapò ak yo).

Soti bò kote Oqba ibn Amir (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Kondisyon ki pi merite pou nou respekte yo, se sa ki rann pati entim yo legal pou nou an (kondisyon nan kontra maryaj la).»

«أَحَقُّ الشُّرُوطِ أَنْ تُوفُوا بِهِ مَا اسْتَحْلَلْتُمْ بِهِ الْفُرُوجَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) montre klè ke kondisyon ki pi merite pou yo respekte yo, se sa ki te kòz ki pèmèt gason an jwi fanm nan, epi sa yo se kondisyon lalwa Allah otorize ke madanm nan mande nan kontra maryaj la.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Se yon obligasyon pou respekte kondisyon youn nan 2 moun ki marye yo angajel ladan yo pou lòt la, eksepte yon kondisyon ki entèdi sa ki pèmèt (halal) oswa ki pèmèt sa ki entèdi (haram).

Respekte kondisyon maryaj yo pi obligatwa pase lòt yo; paske yo fèt an echanj pou rann rapò seksyèl legal.

Maryaj la gen yon gwo pozisyon nan Islam, kote li mete aksan sou akonplisman kondisyon li yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (3/ 190) (2721).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 1035) (1418).

Plis (4)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (2/ 63).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

لعبد الله البسام (ص573).