Lè 2 mizilman pran zam youn kont lòt, ni moun ki touye a, ni moun ki mouri a ap al nan dife lanfè.
Daprè Abou Bakrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:
«Si 2 Mizilman rankontre ak nepe(zam ,kouto) yo, moun ki touye a ak moun yo touye a ap nan lanfè», epi mwen te di: O Mesaje Allah, sa se moun ki touye a, men e moun yo touye a? Li te di: «Paske li te detèmine poul touye kamarad li».
«إِذَا الْتَقَى الْمُسْلِمَانِ بِسَيْفَيْهِمَا فَالْقَاتِلُ وَالْمَقْتُولُ فِي النَّارِ»، فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ هَذَا الْقَاتِلُ، فَمَا بَالُ الْمَقْتُولِ؟ قَالَ: «إِنَّهُ كَانَ حَرِيصًا عَلَى قَتْلِ صَاحِبِهِ».
Pwofèt la (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) fè konnen ke si 2 Mizilman rankontre ak epe yo, epi yo chak gen entansyon touye lòt la; moun ki touye a ap nan lanfè poutèt li komèt zak touye lòt la, Konpanyon yo pat ka konprann pou moun yo te touye a: kòman li fè nan lanfè? Konsa, Pwofèt la, (benediksyon ak lapè Allah sou li) te fè yo konnen ke li menm tou li nan lanfè paskel te detèmine poul touye kamarad li a, epi anyen pat anpechel touyel sinon asasen an ki te aji an premye epi li te pran devan li.
فما بالُ: البال: الحال والشأن.
Moun ki pran desizyon nan kè li pou li fè yon peche epi ki mete men nan travay poul reyalizel, li merite pinisyon.
Avètisman sevè kont mizilman kap goumen ak touye youn lòt, ansanm ak menas dife lanfè pou moun ki fè sa.
Batay ant mizilman ki fèt pou yon rezon valab pa antre nan menas sa a, tankou batay kont rebèl yo oswa moun kap simen dezòd yo.
Yon moun ki komèt yon gwo peche pa vin enkredil jis paske li fè aksyon an, paske Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) te rele 2 moun ki tap goumen yo "mizilman".
Si 2 mizilman rankontre avèk nenpòt mwayen ki ka lakòz lanmò, epi youn touye lòt la, ni asasen an ni viktim nan ap nan dife lanfè. Mansyon "epe" a nan hadith la se jis kòm yon egzanp.
Sahih Al-Bukhari (1/ 15) (31).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2213) (2888).
(1/ 26).
(1/ 166).
Plis (4)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين شرح رياض الصالحين لابن عثيمين (1/ 71).
المعجم الوسيط.