Lwanj pou Allah ki redwi ( ki limite) konplo Satan an jis nan nivo chichote (move lide).
Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:
Yon Mesye te vin jwenn Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze), li dil: "O Mesaje Allah, gen younn nan nou ki konn santi kèk lide ap pase nan tèt li—li tap pito tounen chabon (oswa boule tounen sann) pase pou li ta pwononse lide sa a." Lè sa a, Pwofèt la di: "Allah se pi gran, Allah se pi gran! Lwanj pou Allah ki redwi konplo Satan an jis nan nivo chichote (move lide)!"
جاءَ رجُلُ إلى النبي صلى الله عليه وسلم فقال: يا رسولَ اللهِ، إن أحدنا يجدُ في نفسِهِ -يُعرِّضُ بالشَّيءِ- لأَن يكونَ حُمَمَةً أحَبُّ إليه من أن يتكلَّم بِهِ، فقال: «اللهُ أكبرُ، اللهُ أكبرُ، الحمدُ لله الذي ردَّ كيدَه إلى الوسوسَةِ».
Yon mesye te vin bò kote Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah sou li), epi li di: O Mesaje Allah a, an verite, youn nan nou jwenn nan li menm yon bagay kap travèse lespri li, men pale sou sa se yon bagay ki grav anpil, nan pwen kote li ta pito tounen sann pase pou li ta pale sou sa. Epi Mesaje a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an), 2 fwa, epi li te fè louanj pou Allah paske Li te repouse konplo Satan an pou fèl tounen yon senp chichotman.
...:
Yon eksplikasyon ki montre kijan Satan ap veye kwayan yo avèk move lide (waswasa), nan objektif pou l fè yo vire do bay lafwa pou yo tonbe nan enkredilite(dezobeyisans).
Yon klarifikasyon sou feblès Satan devan moun ki gen lafwa, paske li pat kapab fè anyen lòt pase chichote (move lide nan lespri yo).
Kwayan an dwe fè efò poul vire do bay (inyore) move lide Satan yo epi rejte yo.
Pèmisyon (oswa baz legal) pou di "Allahu Akbar" (Allah se pi gran) lè nou wè yon bagay ki merite admirasyon, yon bagay ki etone nou, oswa nenpòt lòt sikonstans ki sanble ak sa.
Pèmisyon ( baz legal) pou yon mizilman poze yon savan kesyon sou nenpòt sa ki konfonn li oswa ki pozel pwoblèm.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 119) (132).
Plis (4)
Sounna Abou Dawoud (7/ 435) (5112) السنن الكبرى للنسائي (9/ 249) (10435).
شرح سنن أبي داود للعباد (580/ 28).
شرح سنن أبي داود لابن رسلان (19/370).
ومرقاة الصعود (3/1301).