Moun kap rann bagay yo konplike san rezon , pèdi nèt.
Soti bò kote Abdullah ibn Mas'oud, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
"Moun kap rann bagay yo konplike san rezon , pèdi nèt." Li te di sa 3 fwa."
«هلك المُتَنَطِّعُون» قالها ثلاثًا.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) fè nou konnen gwo echèk ak pèt moun ki tonbe nan ekstrèm yo (moun ki twò strik yo) ap sibi — san yo pa gen okenn gidans ni konesans — nan zafè relijyon yo tankou nan lavi yo sou tè a, nan pawòl yo tankou nan aksyon yo; moun sa yo ki depase limit legal Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) te pote a.
....:
Li entèdi fòmèlman pou yon moun tonbe nan ekstrèm (fè twòp) epi chèche konplike lavil(fòse kòl nan bay tèt li gwo chay) nan tout bagay. Gen yon gwo ankourajman pou nou evite atitid sa a nan tout sa nap fè; sitou lè li gen rapò ak zafè adorasyon ansanm ak fason nou bay moun ki jis yo (oubyen moun ki sen yo) twòp glwa.
Chèche sa ki pi pafè nan adorasyon an ak nan lòt bagay se yon bagay ki merite lwanj; epi sa fèt nan swiv Charia a (lalwa relijye a).
Li rekòmande pou ensiste sou yon bagay enpòtan, paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te repete fraz sa a 3 fwa.
Tolerans Islam nan ak fasilitasyon li.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2055) (2670).
Plis (4)
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
للقرعاوي (ص180).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص167).