Skip to content

"An verite, avèk bon karaktè li, kwayan an rive atenn degre moun kap jene ak moun kap priye a."

Bò kote Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:

«An verite, avèk bon karaktè li, kwayan an rive atenn degre moun kap jene ak moun kap priye a.»

«إنَّ المُؤْمِنَ ليُدرِكُ بِحُسْنِ خُلُقِهِ دَرَجَةَ الصَّائِمِ القَائِمِ».

Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad
Li otantik gras ak prèv ki kore li yo.
Esplikasyon an

Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah kouvri li) te fè konnen ke bon konpòtman fè moun ki genyen li an rive nan menm nivo ak yon moun ki toujou ap fè jèn lajounen epi kap priye lannwit. Epi esans bon konpòtman se: fè sa ki byen, gen bèl pawòl, gen yon figi ki souri, evite fè moun ditò, ansanm ak sipòte move zak lòt moun.

Siyifikasyon mo yo

....:

Pami benefis Hadith la

Gwo atansyon Islam bay nan edike kalite moral yo epi fè yo vin pafè.

Merit bon konpòtman, jiskaske sèvitè a rive atenn avèk li degre moun kap jene ki pa janm kase jèn li, ak moun kap priye ki pa janm fatige.

Jèn lajounen an ak priyè lannwit lan se 2 gwo aksyon ki gen difikilte ladan yo pou moun. Moun ki gen bon karaktè a rive atenn degre yo paske li lite kont pwòp dezi pa li pou li ka aji byen ak lòt moun.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 176) (4798).

Mousnad Ahmad (40/ 414) (24355).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 675).

تطرز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص411).

مشكاة المصابيح.

لمحمد العمري (3/ 1409).