O pitit Adan, toutotan wap lapriyèm epi wap mete espwaw nan mwen, map padonew kèlkeswa saw fè, e sa pa deranjem.
Daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, li te di:
Mwen te tande Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: «Allah, Sila a ki Beni epi ki Trè Wo a, di: O pitit Adan! Toutotan ou priyem epi ou mete espwa ou nan Mwen, Map padone ou pou kèlkeswa sa ou te fè, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Menmsi peche ou yo ta rive jouk nan nwaj syèl la, epi aprèsa ou mandem padon, Map padone ou, epi sa pa deranjem. O pitit Adan! Anverite, si ou ta vin jwenn Mwen ak yon kantite peche ki prèske plen tè a, epi aprèsa ou rankontre Mwen san ou pa asosye anyen avèk Mwen, Map vin jwenn ou ak menm kantite padon an.»
سَمِعْتُ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَقُولُ: «قَالَ اللَّهُ تَبَارَكَ وَتَعَالَى: يَا ابْنَ آدَمَ إِنَّكَ مَا دَعَوْتَنِي وَرَجَوْتَنِي غَفَرْتُ لَكَ عَلَى مَا كَانَ فِيكَ وَلاَ أُبَالِي، يَا ابْنَ آدَمَ لَوْ بَلَغَتْ ذُنُوبُكَ عَنَانَ السَّمَاءِ ثُمَّ اسْتَغْفَرْتَنِي غَفَرْتُ لَكَ، وَلاَ أُبَالِي، يَا ابْنَ آدَمَ إِنَّكَ لَوْ أَتَيْتَنِي بِقُرَابِ الأَرْضِ خَطَايَا ثُمَّ لَقِيتَنِي لاَ تُشْرِكُ بِي شَيْئًا لأَتَيْتُكَ بِقُرَابِهَا مَغْفِرَةً».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke Allah, Sila a ki beni epi ki anwo nan syèl la, te di nan Hadith Qudsi a: O pitit Adan, toutotan wap priyem epi wap espere nan favè (mizèrikòd) mwen, epi ou pa janm pèdi espwa; Mwen ap kouvri pechew la epi mwen ap efase li san mwen pa menm okipem de sa; menm si peche ak dezobeyisans sa a ta fè pati gwo peche yo. O pitit Adan! Menmsi pechew yo tèlman anpil yo ta ranpli espas ki ant syèl la ak tè a, rive jouk nan limit yo ak tout kote yo ye, si ou mandem padon, map efase epi map padonew yo tout, san mwen pa konsidere kantite yo. O pitit Adan: Anverite, siw ta vin jwenn Mwen aprè lanmòw ak yon latè plen peche ak move zak, epi ou te mouri antanke yon kwayan ki rekonèt Mwen kòm sèl Allah sanw pa asosye anyen avèk Mwen; Mwen tap reponn peche ak move zak sa yo avèk yon latè plen padon; paske Mwen se Sila a ki padone anpil la, epi Mwen padone tout peche eksepte lè moun asosye yon bagay avèk Mwen (Chirk).
Mizèrikòd Allah Trèwo a ki laj anpil, padon Li, ak favè Li.
Merit Inisite Allah, epi Allah ap padone peche ak dezobeyisans pou moun ki kwè nan Inisite Allah yo.
Danje Chirk la, epi Allah pap padone moun ki bay Allah asosye yo.
Ibn Rajab te di: Adis sa a gen ladan li 3 mwayen ki pèmèt yon moun jwenn padon pou peche li yo: Premye a: Fè envokasyon avèk espwa, Dezyèm nan: Mande padon epi chèche repantans, Twazyèm nan: Mouri sou Tawid.
Adis sa a se youn nan sa yo ki rapòte ke Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) te resevwa nan men Senyè li a; yo rele sa yon Hadis Qudsi (oswa Hadis divin). Se yon pawòl kote ni tèks la ni sans li soti nan men Allah,sepandan, li pa gen karakteristik Koran an ki distenge li ak tout lòt bagay, tankou lefèt ke resitasyon li se yon adorasyon, obligasyon pou gen pwòpte (taharah) pou manyen li,defi a, ak karaktè mirakile li (ijaz), pami lòt bagay.
Peche yo gen 3 kategori: Premye a: Bay Allah asosye; epi sa a Allah pa padone li, Allah (Egzalte epi Toupwisan) di: {Anverite, nenpòt moun ki bay Allah asosye, Allah entèdi li antre nan Paradi a}. Dezyèm nan: Tò sèvitè a fè pwòp tèt li nan sa ki genyen ant li menm ak Seyè li pami peche yo; anverite Allah (Egzalte epi Toupwisan an) padone sa, epi Li pase sou sa si Li vle. Twazyèm nan: Peche Allah pa kite okenn ladan yo pase; ki se tò sèvitè yo ap fè youn lòt, kidonk oblije gen jistis ak retribisyon pou yo.
Sounna At-Tirmidhi (5/ 509) (3540).
Plis (4)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.
لإسماعيل الأنصاري (ص93).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص397).
Cited in books
4 BooksPlis (4)
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الأول)«قَالَ اللَّهُ تَبَارَكَ وَتَعَالَى: يَا ابْنَ آدَمَ إِنَّكَ مَا دَعَوْتَنِي وَرَجَوْتَنِي غَفَرْتُ لَكَ عَلَى مَا كَانَ فِيكَ وَلَا أُبَالِي، يَا ابْنَ آدَمَ لَوْ بَلَغَتْ ذُنُوبُكَ عَنَانَ السَّمَاءِ ثُمَّ اسْتَغْفَرْتَنِي غَفَرْتُ لَكَ،
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«قَالَ اللهُ -تبارك وتعالى- : يَا ابْنَ آدَمَ! إِنَّكَ مَا دَعَوْتَنِي وَرَجَوْتَنِي؛ غَفَرْتُ لَكَ عَلَى مَا كَانَ فِيكَ وَلَا أُبَالِي، يَا ابْنَ آدَمَ! لَوْ بَلَغَتْ ذُنُوبُكَ عَنَانَ السَّمَاءِ ثُمَّ اسْتَغْفَرْتَنِي؛ غَفَرْتُ لَكَ وَل
- شرح الأربعين النووية«يَا ابْنَ آدَمَ! إِنَّكَ مَا دَعَوْتَنِي وَرَجَوْتَنِي غَفَرْتُ لَك عَلَى مَا كَانَ مِنْكَ وَلَا أُبَالِي، يَا ابْنَ آدَمَ! لَوْ بَلَغَتْ ذُنُوبُكَ عَنَانَ السَّمَاءِ ثُمَّ اسْتَغْفَرْتَنِي غَفَرْتُ لَكَ، يَا ابْنَ آدَمَ! إنَّكَ لَوْ أتَيْ
- مشروع منهاج زادكزادك 2 طالب نهائي«يَا ابْنَ آدَمَ، إِنَّكَ لَوْ أَتَيْتَنِي بِقُرَابِ الأَرْضِ خَطَايَا، ثُمَّ لَقِيتَنِي لَا تُشْرِكُ بِي شَيْئًا لَأَتَيْتُكَ بِقُرَابِهَا مَغْفِرَةً»