Di Sourat 'Al-Ikhlas' (Qul huwa Allahu Ahad), ak 2 sourat pwoteksyon yo (Sourat 'Al-Falaq' ak Sourat 'An-Nas') 3 fwa nan aswè (lè lannwit lan ap tonbe) epi 3 fwa nan maten (lè jou a kòmanse), yap sifiw pou tout bagay.
Daprè Abdullah bin Khubayb (se pou Allah satisfè avè l), li te di:
"Nou te soti nan yon nwit lapli ak gwo fènwa, pou nou chache Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li); pou li te ka priye pou nou. Li di: Lè mwen te jwenn li, li di: «Di», mwen pa te di anyen. Aprè sa li di: «Di», mwen pa te di anyen. Li di: «Di», epi mwen di: Kisa pou mwen di? Li di: «{Qul Huwa Allahu Ahad} (Di: Li se Allah, Sèl la) ak Al-Mu'awwidhatayn (2 sourat pwoteksyon yo), nan aswè ak nan maten, 3 fwa, yap sifi ou kont tout bagay.»"
خَرَجْنَا فِي لَيْلَةٍ مَطِيرَةٍ وَظُلْمَةٍ شَدِيدَةٍ، نَطْلُبُ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ؛ يُصَلِّي لَنَا، قَالَ: فَأَدْرَكْتُهُ، فَقَالَ: «قُلْ»، فَلَمْ أَقُلْ شَيْئًا، ثُمَّ قَالَ: «قُلْ»، فَلَمْ أَقُلْ شَيْئًا، قَالَ: «قُلْ»، فَقُلْتُ: مَا أَقُولُ؟ قَالَ: «{قُلْ هُوَ اللهُ أَحَدٌ} وَالْمُعَوِّذَتَيْنِ حِينَ تُمْسِي وَتُصْبِحُ ثَلَاثَ مَرَّاتٍ، تَكْفِيكَ مِنْ كُلِّ شَيْءٍ».
Nòb konpanyon an, Abdullah ibn Khubayb (se pou Allah satisfè avè l), rapòte: yo te soti nan yon lannwit kote te gen anpil lapli e fènwa a te pwès anpil, pou yal chache Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li te ka dirije lapriyè a pou yo, epi yo te jwenn li, Epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di li: "Di", sa vle di li, men li pat li anyen, Lè sa a, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te repete pawòl li a ba li, epi Abdullah di: Kisa poum li, O Mesaje Allah? Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Ou dwe li sourat Al-Ikhlas {Di: Li se Allah, ki Youn nan}, Al-Falaq {Di: Mwen chèche refij bò kote Seyè douvanjou a}, ak An-Nas {Di: Mwen chèche refij bò kote Seyè lèzòm nan}. Li yo 3 fwa nan lè Aswè ak nan lè Maten, yap pwotejew kont tout sa ki mal, epi yap prezèvew anba tout move bagay."
...:
Li rekòmande pou ou li sourat Al-Ikhlas, Al-Falaq ak An-Nas nan maten ak nan aswè, epi tou yo se yon pwoteksyon kont tout sa ki mal.
Merit lekti Sourat Al-Ikhlas, Al-Falaq ak An-Nas.
Sounna Abou Dawoud (7/ 415) (5082).
Sounna At-Tirmidhi (5/ 535) (3575).
Sounna An-Nasa'i (8/ 250) (5428).
(2/ 996).
Plis (5)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (17/ 307).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (5/ 543).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- فتاوى المرضىفتاوى المرضى خرجنا في ليلة مطيرة وظلمة شديدة نطلب رسول الله صلى الله عليه وسلم يصلي لنا، قال: فأدركته، فقال: «قل» فلم أقل شيئًا، ثم قال: «قل»، فلم أقل شيئًا، قال: «قل»، فقلت: ما أقول؟ قال: «قل: {قُلْ هُوَ اللَّهُ أَحَدٌ} والمعوِّذتين حين تُمسي وتُصبح ثل
- فتاوى المرضىفتاوى المرضى خرجنا في ليلة مطيرة وظلمة شديدة نطلب رسول الله صلى الله عليه وسلم يصلي لنا، قال: فأدركته، فقال: «قل» فلم أقل شيئًا، ثم قال: «قل»، فلم أقل شيئًا، قال: «قل»، فقلت: ما أقول؟ قال: «قل: {قُلْ هُوَ اللَّهُ أَحَدٌ} والمعوِّذتين حين تُمسي وتُصبح ثل
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) «تَكْفِيكَ مِنْ كُلِّ شَيءٍ»،