Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
« Lè Allah te fin kreye Paradi a ak Lanfè a, li te voye Jibril (lapè sou li) nan Paradi a. Li di li: "Ale wè li, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki gen pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen yon moun kap tande pale de li kap rete san li pa antre ladan l." Lè sa a, Allah bay lòd pou yo antoure Paradi a ak difikilte (sa moun pa renmen fè), epi li dil: "Ale wè li ankò, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre yo." Jibril ale, li gadel, epi li wè li antoure ak tout sa ki difisil, li di: "Mwen sèman sou pouvwa w la! Mwen pè pou pa gen pèsonn ki rive antre ladan li." Allah di li: "Ale gade Lanfè a, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li wè kote flanm dife yo ap monte sou tèt youn lòt (youn ap vale lòt). Li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen pèsonn kap antre ladan l." Lè sa a, Bondye bay lòd pou yo antoure Lanfè a ak tout kalite dezi (bagay ki atire moun). Epi li dil: "Tounen gade li." Jibril ale, li gadel, li wè li antoure ak tout kalite dezi, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Mwen pè pou pa gen pèsonn kap chape anba li, pou tout moun pa antre ladan l." »
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
Pi bon fason pou sonje Allah (Zikr) se: "La ilaha illallah" (Pa gen okenn bondye ki merite adore eksepte Allah), epi pi bon priyè/envokasyon (Douya) se: "Alhamdulillah" (Tout lwanj se pou Allah).
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi ak An-Nasa'i nan Al-Kubra ak Ibn Majah.
"O Mesaje Allah, manman Saad mouri, ki charite ki pi bon?" Li reponn: «Dlo». Konsa, li fouye yon pi, epi li di: "Sa a se pou manman Saad."
Li bon gras a ansanm chèn transmisyon li yo. Rapòte pa Abou Dawoud, An-Nasa'i ak Ibn Majah.
Yon mesye te vin kot Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li), epi li te pale avèk li sou yon bagay, epi li di: "Sa Allah vle, epi sa ou vle." Epi Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) te di: "Èske ou fèm tounen yon egal pou Allah? Di: Se sa Allah li menm sèl vle."
Chenn transmisyon (Isnad) li a bon (Hasan) رواه ابن ماجه والنسائي في الكبرى وأحمد
Yap di moun ki te fè Koran an konpayon li: "Resite epi monte nan degre (Paradi a); resite avèk swen jan ou te konn fèl nan mond sa a, paske plas ou (ran ou) se kote dènye vèsè wap resite a fini."
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, ak Ahmad.