Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

62 of 477 cards

Clear filters
Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn estènye, li te mete men li -oswa rad li- sou bouch li, epi li te bese -oubyen diminye- vwa li avèk li.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
«An verite, avèk bon karaktè li, kwayan an rive atenn degre moun kap jene ak moun kap priye a.»
Li otantik gras ak prèv ki kore li yo. Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad
Mwen te ale nan delegasyon Bani Amir la kote Mesaje Allah a ( se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) epi nou te di li: "Ou se Mèt nou." Li reponn: "Mèt la se Allah." Nou di ankò: "Epi ou se moun ki gen plis valè nan mitan nou, epi ki gen plis grandè a." Li di konsa: "Di pawòl nou gen pou nou di a, oswa yon pati ladan li, epi pa kite Satan pran tèt nou pou li fè nou tounen pòtpawòl li (fè nou egzajere nan fè lwanj)."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad
«Nenpòt moun ki bay yon moun ki nan difikilte pou peye dèt li yon delè, oswa ki padonel dèt la, Allah ap mete li anba lonbray Twòn Li a nan Jou Jijman an, yon jou kote pap gen okenn lòt lonbray eksepte lonbray Li a.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
O Allah! Pa fè kavo mwen tounen yon zidòl yo adore. Allah voye madichon sou yon pèp ki te pran kavo pwofèt yo pou fè yo tounen kote pou yo priye (moske).
Sahih Rapòte pa Ahmad
Lè Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah sou li) tap soti poul ale Hounayn, li te pase bò yon pye bwa ki te pou moun kap bay Allah asosye yo rele: Dhat Anwat, kote yo te konn kwoke zam yo. Yo te di li: "O Mesaje Allah, fè nou gen yon Dhat Anwat menm jan yo gen Dhat Anwat pa yo a." Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn: «Glwa pou Allah! Sa a se egzakteman sa pèp Mousa (Moyiz ) la te di: {Fè nou gen yon dye menm jan yo gen dye yo.} [Al-Araf: 138] Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm mwen nan men li an, asireman nou pral swiv pratik moun ki te vini anvan nou yo.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
«Pa di: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", men pito di: "Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa entèl vle."»
Sahih (Otantik) gras a ansanm chèn transmisyon li yo. Se Abou Dawoud, An-Nasa'i nan Al-Koubra ak Ahmad ki rapòte li
"Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay madichon pou moun kap bay kòripsyon, ak moun kap resevwa kòripsyon nan rann jijman."
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li