Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

31 of 477 cards

Clear filters
O Allah! Pa fè kavo mwen tounen yon zidòl yo adore. Allah voye madichon sou yon pèp ki te pran kavo pwofèt yo pou fè yo tounen kote pou yo priye (moske).
Sahih Rapòte pa Ahmad
Yon Mesye te mande Mesaje Allah a (ke lapè Allah ak benediksyon li sou li): "Èskew panse sim fè lapriyè ki obligatwa yo, mwen fè jèn nan mwa Ramadan an, mwen konsidere sa ki pèmi kòm pèmi, mwen evite sa ki entèdi a, epim pa ajoute anyen sou sa, èske map antre nan Paradi a?" Li (Pwofèt la) reponn: "Wi."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Gen 4 defo, si yon moun genyen yo tout nèt, li se yon ipokrit san melanj. Si li gen yonn ladan yo, li gen yon mak ipokrizi nan li jouk li chanje sa. Men yo: Lè lap pale, li bay manti. Lèl fè yon pwomès (yon kontra), li pa kenbe l. Lèl pwomèt, li pa kenbel. Lèl nan diskisyon (nan kont), li derespektan epi li aji mal nèt».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Alyans ki ant nou menm ak yo a se Lapriyè. Kidonk, moun ki abandonel, li tonbe nan mekrekyans».
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Kwè nan move sipèstisyon se shirk, kwè nan move sipèstisyon se shirk, kwè nan move sipèstisyon se shirk, -(3 fwa)-», epi pa gen okenn pami nou ki pa (santi yon ti bagay konsa), men Allah, Li menm ki gen tout pouvwa a, Li menm ki gen gwo majeste a, fèl ale lè nou mete konfyans nou nan Li.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) ; li menm ki toujou di laverite epi pawòl li se laverite ,te rakonte nou sa: "Yo rasanble fòmasyon chak nan nou anndan vant manman li pandan 40 jou ak 40 nwit. Aprèsa, li tounen yon boul san (ki pandye) pandan menm kantite tan an. Apre sa, li tounen yon ti moso chè pandan menm kantite tan an. Apre sa, yo voye yon zanj bò kotel, epi yo ba li lòd poul ekri 4 bagay. Zanj lan ekri: mwayen sibzistans li (sa lap jwenn poul viv), longè lavil, aksyon lap gen pou li fè, epi si lap fini kòm yon moun malere oswa kòm yon moun ere (sove). Lèfini, zanj lan soufle nanm nan nan li. Se konsa, youn nan nou kapab ap fè zèv moun ki prale nan Paradi, jiskaske se sèlman yon distans yon bra ki rete ant li menm ak Paradi a; men sak te deja ekri nan desten li an akonpli, lal fè zèv moun ki prale nan Lanfè, epi li antre nan Lanfè. Epi, youn nan nou kapab ap fè zèv moun ki prale nan Lanfè, jiskaske se sèlman yon distans yon bra ki rete ant li menm ak Lanfè a; men sak te deja ekri nan desten li an akonpli, lal fè zèv moun ki prale nan Paradi, epi li antre nan Paradi." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Yon mesye ki soti nan rejyon Najd te vin jwenn Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), cheve nan tèt li te gaye . Nou tap tande bri vwa li san nou pa te konprann sal tap di, jiskaske li te pwoche bò kote Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi nou wè se sou Islam lap poze kesyon. Lè sa a, Mesaje mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li) dil: — « 5 lapriyè chak jou ak chak nwit.» Nonm nan mande: — « Èske mwen gen lòt sou dom ankò? » Li reponn li: — « Non, sof si ou vle fè volontè (anplis). Epi fè jèn nan mwa Ramadan an. » Nonm nan mande: — « Èske mwen gen lòt sou dom ankò? » Li reponn li: — « Non, sof si ou vle fè volontè (anplis). » Epi Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te mansyone Zakat (kòm obligatwa) ba li. Nonm nan mande: — « Èske mwen gen lòt sou dom ankò? » Li reponn li: — « Non, sof si ou vle fè volontè (anplis). » (Talha) di: Nonm nan fè bak poul ale pandan li tap di: — « Mwen fè sèman sou Allah, mwen pap mete anyen anplis sou sa, ni mwen pap retire anyen ladan li » Lè sa a, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) di: — « Lap reyisi sil di laverite toutbon. » »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki fè sèman sou non yon lòt (bagay oswa moun) ki pa Allah, anverite li fè yon zak enkwayans (Kufr) oswa li bay Allah asosye (Shirk).»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.