Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

25 of 477 cards

Clear filters
Allah Toupwisan an ap di moun ki nan Lanfè kap resevwa pinisyon ki pi piti a nan Jou Jijman an: «Siw te posede tout sa ki sou latè, èskew ta bay li kòm ranson pou sove tèt ou?» Lè sa a, lap reponn: «Wi.» Lè sa a Allah ap dil: «Mwen te mandew yon bagay ki pi senp pase sa lontan depi lèw te nan ren Adan: pouw pat mete okenn asosye avèm nan adorasyon an, men ou te refize e ou te pèsiste pouw mete lòt dye ansanm avèm.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di yon pawòl, epi mwen te di yon lòt. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki mouri pandan lap adore yon lòt bagay oswa yon lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.» Epi mwen menm, mwen te di: Moun ki mouri pandan li pap adore okenn lòt bagay oswa okenn lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi a.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Gen kèk moun ki te poze Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah kouvri li) kesyon sou divinò yo, epi Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di yo: «Yo pa anyen.» Yo te di: O Mesaje Allah, men pafwa moun sa yo konn di kèk bagay ki se laverite. Lè sa a, Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Ti pawòl sa a ki soti nan laverite a, se djinn nan ki vòlè li, epi li depozel nan zòrèy alyel la menm jan ak bri yon manman poul, epi yo melanje ansanm avèl plis pase 100 manti.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Piga nou chita sou tonb yo, ni pa lapriyè nan direksyon yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Lè lanmò te desann sou Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li te kòmanse mete yon moso twal li te genyen sou figi li, epi lè li te santil toufe avèk li, li te retirel sou figi li, epi li te di pandan li te nan eta sa a: «Madichon Allah sou Jwif yo ak Kretyen yo; yo te pran tonb pwofèt yo pou yo fè yo tounen moske (kote pou yo adore).» Li tap avèti kont sa yo te fè a.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Yon mesye te vin kot Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li), epi li te pale avèk li sou yon bagay, epi li di: "Sa Allah vle, epi sa ou vle." Epi Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) te di: "Èske ou fèm tounen yon egal pou Allah? Di: Se sa Allah li menm sèl vle."
Chenn transmisyon (Isnad) li a bon (Hasan) رواه ابن ماجه والنسائي في الكبرى وأحمد
« Mwen te dèyè pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) sou yon bourik yo te rele ‘Ufayr. Li te dim: "O Mou'az ! Èske ou konnen ki dwa Allah genyen sou sèvitè li yo, epi ki dwa sèvitè yo genyen sou Allah ?" Mwen te reponn: "Allah ak Mesaje li a konnen pi byen." Li te di: "Dwa Allah sou sèvitè yo, se pou yo adorel san yo pa asosye anyen avèk li. Epi, dwa sèvitè yo sou Allah, se pou Li pa pini moun ki pa asosye anyen avè l." Mwen te di: "O Mesaje Allah ! Èske mwen pa dwe bay moun yo bon nouvèl sa a?" Li te reponn: "Pa bay yo bon nouvèl sa a, paske yap vin apiye sou li (yap vin neglijan nan aksyon yo)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi ki rejte tout sa yo adore ki pa Allah; byen li ak san li pwoteje, e jijman li se sou kont Allah».
Sahih Rapòte pa Mouslim