Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

33 of 477 cards

Clear filters
«Allah ap kenbe tè a nan pla men Li, epi lap pliye syèl yo nan men dwat Li, aprèsa lap di: Mwen se Wa a. Kote wa ki sou tè yo?»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè a (Jou Jijman an) pap rive jiskaske tan an vin pi kout, konsa yon ane ap vin tankou yon mwa, epi yon mwa ap vin tankou yon semèn, epi yon semèn ap vin tankou yon jou, epi yon jou ap vin tankou yon èdtan, epi yon èdtan ap vin tankou tan li pran pou yon fèy palmis boule.
Sahih Rapòte pa Ahmad
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te mansyone yon bagay, epi li di: «Sa ap rive nan epòk kote konesans ap disparèt la.» Mwen di: "O Mesaje Allah a, kòman konesans lan ap fè disparèt alòske nap li Koran an, nap anseye pitit nou yo lil, epi pitit nou yo ap anseye pitit pa yo lil jiska Jou Rezirèksyon an?" Li di: «Ayayay pou ou, Ziyad! Mwen te konsiderew kòm youn nan gason ki gen plis konesans nan Medin. Èske Jwif ak Kretyen sa yo pa ap li Tora a ak Levanjil la, poutan yo pa mete an pratik anyen nan sa ki ladan yo?!
(Otantik gras a lòt vèsyon) Se Ibn Majah ki rapòte li
« Si nou tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin an), repete sal di a. Aprèsa , mande benediksyon pou mwen, paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap beni li 10 fwa pou sa. Epi, mande Allah pou mwen al-Wasilah (yon plas espesyal nan Paradi a). Se yon pozisyon nan Paradi a ki pa apwopriye pou lòt moun pase youn nan sèvitè Allah yo, epi mwen espere se mwen menm ki pral jwenn li. Nenpòt moun ki mande al-Wasilah pou mwen, lap jwenn dwa pou mwen entèsede pou li . »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la di : « Èske nou konnen kiyès ki depafini an (moun ki fè fayit la) ? » Yo reponn : « Moun ki fè fayit nan mitan nou, se moun ki pa gen ni lajan (dirham) ni byen materyèl. » Li di : « Moun ki fè fayit toutbon nan kominotem nan, se moun ki va vini nan Jou Rezirèksyon an ak anpil priyè, jèn, ak zakat (lamòn); men li vini tou pandan li te joure moun sa a, li te kalonye (akize) moun sa a, li te manje lajan moun sa a, li te koule san moun sa a, epi li te bat moun sa a. Yap pran nan bon zèv li yo pou yo bay moun sa a, epi pran nan bon zèv li yo pou bay lòt moun sa a; si bon zèv li yo fini anvan li fin peye tout dèt li genyen anvè yo, yap pran nan peche moun li te fè tò yo pou jete sou dol, aprèsa yap jetel nan Lanfè. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Basen mwen an se distans yon mwa ap mache, dlo li pi blan pase lèt, epi li gen pi bon odè pase misk(Pafen) epi gode li yo tankou etwal ki nan syèl la, moun ki bwè ladan li pap janm swaf ankò.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Vrèmanvre, mesaj sa a ap rive tout kote lannnwit ak lajounen rive. Epi Allah pap kite okenn kay ki fèt an tè, ni okenn tant ki fèt ak pwal bèt, san Allah pa fè relijyon sa a antre ladan li ; avèk onè pou moun ki jwenn onè, oswa avèk imilyasyon pou moun ki jwenn imilyasyon, yon onè Allah ap sèvi pou li bay Islam nan onè, ak yon imilyasyon Allah ap sèvi poul imilye mekrèyans lan.» Epi Tamim Ad-Dari te konn di: Mwen te konstate sa aklè pami manm pwòp fanmim; sa ki te antre nan Islam pami yo te jwenn benediksyon, noblès ak onè, epi sa ki te rete mekreyan pami yo te jwenn imilyasyon, rabesman ak obligasyon pou mete taks (Jizya a.)
Sahih Rapòte pa Ahmad
Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te rakonte nou, e se li ki toujou di verite a epi se li moun kwè a: «Vrèman, yo rasanble kreyasyon chak moun nan nou nan vant manman li pandan 40 jou, aprèsa li tounen yon mòso san ki kole pandan menm kantite tan sa a, aprèsa li tounen yon mòso chè pandan menm kantite tan sa a. Aprèsa, yo voye zanj lan kot li epi li soufle nanm nan ladan li, epi yo ba li lòd sou 4 bagay: pou li ekri manje li, dat lanmò li, zèv li yo, epi si lap yon moun ki gen malè oswa yon moun ki byennere. Konsa, pa Sila a ki pa gen lòt Allah apa Li a, vrèman gen nan nou kap fè zèv moun Paradi yo jiskaske pa rete anyen ki separel ak Paradi a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Lanfè yo epi li antre ladan li.E vrèman, gen nan nou kap fè zèv moun Lanfè yo jiskaske pa rete anyen ki separe l ak Lanfè a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Paradi yo epi li antre ladan l.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim