Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

15 of 477 cards

Clear filters
Relijyon an se senserite (e se bay bon konsèy). Nou mande: 'Pou kiyès?' Li reponn: 'Pou Allah, pou Liv li a, pou Mesaje li a, pou lidè Mizilman yo, epi pou tout pèp la an jeneral.'
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt sèvitè Allah bay responsablite yon gwoup moun, epi jou li mouri a li mouri pandan lap twonpe moun ki anba responsablite li yo; Allah ap entèdi Paradi a pou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè lanmò te prèt pou pran Abu Talib, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te vin kotel, li jwenn Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah pitit Al-Mughirah te la avèk li. Mesaje a di l: « O tonton m, di: Pa gen lòt dye Sèlman Allah yon pawòl map sèvi avèl kòm agiman pou defann ou devan Allah. » Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah di: « Èske wap abandone relijyon Abdul-Muttalib la? » Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te kontinye ap repetel sa, pandan 2 lòt mesye yo tap repete menm pawòl la ba li, jiskaske dènye pawòl Abu Talib te di yo se te: « Mwen rete sou relijyon Abdul-Muttalib », epi li te refize di: « Pa gen lòt dye Sèlman Allah». Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) di: « Pa Allah, map kontinye mande padon pou ou toutotan yo pa entèdim fè sa. » Lè sa a, Allah fè desann vèsè sa a: {Li pa konvnab pou Pwofèt la ak moun ki kwè yo mande padon pou moun kap bay Allah asosye...} [At-Tawbah: 113], epi Allah fè desann konsènan Abu Talib, Li di Mesaje a (lapè ak benediksyon sou li): {Ou pa kapab gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle.} [Al-Qasas: 56].
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pou chak jwenti nan kò moun, gen yon charite li dwe bay chak jou solèy la leve: fè jistis ant de moun se yon charite, ede yon moun ak montir li, pouw edel monte sou li oswa pouw leve bagaj li mete sou li se yon charite, epi yon bon pawòl se yon charite, epi chak pa ou fè pou ale nan lapriyè se yon charite, epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
«Pral genyen egoyis ak bagay nou pap dakò avèk yo.» Yo di: O Mesaje Allah, kisa ou pase nou lòd pou nou fè? Li di: «Akonpli dwa ki sou do nou yo, epi mande Allah sa ki pou nou an.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pandan nou te chita avèk Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan moske a, yon mesye antre sou yon chamo. Li fè chamo a kouche nan moske a, li mare janm li, epi li di yo: "Kilès nan nou ki Mohammad?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te chita ap apiye nan mitan yo, nou dil: "Se mesye sa a ki gen koulè blan an, ki chita ap apiye a." Mesye an di Pwofèt la: "O pitit Abdoul-Mouttalib!" Pwofèt la reponn li: "Mwen tande ou." Mesye an di Pwofèt la: "Map pozew yon kesyon, map mandew li ak fòs (map ensiste), donk pa fache avèm." Pwofèt la di li: "Poze kesyon sou sa ou vle." Mesye an di: "Map mandew nan non Granmèt ou a ak Granmèt moun ki te anvan ou yo: Èske se Allah ki voyew bay tout moun?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mandew nan non Allah : Èske se Allah ki kòmandew pou nou fè 5 lapriyè yo chak jou ak chak nwit?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande w nan non Allah : Èske se Li ki kòmandew pou nou fè jèn mwa sa a nan ane a?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande ou nan non Allah : Èske se Senyè toupwisan an ki kòmandew pou nou pran zakat sa a nan men moun rich nou yo pou nou pataje li bay pòv nou yo?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Lè sa a, Mesye a di: "Mwen kwè nan sa ou pote a, epi mwen se yon reprezantan ki soti dèyè pèp mwen an. Mwen se Dimam ibn Tha'labah, yon frè nan branch fanmi Bani Sa'd ibn Bakr."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Moun ki revòlte kont otorite a, ki separe kòl ak kominote a epi ki mouri nan kondisyon sa a, li mouri menm jan ak moun ki te nan fènwa liyorans lan. Nenpòt moun tou ki goumen anba yon drapo avèg (pou yon kòz ki pa klè), ki fache sèlman pou enterè tribi li, kap fè pwopagann pou fanatik/tribilis, oswa kap soutni pwòp gwoup pal (nan lenjistis), si yo touyel, li mouri yon lanmò liyorans. Epi, nenpòt moun ki revòlte kont kominotem lan , kap frape ni bon moun yo ni moun kap fè mechanste yo, san li pa respekte kwayan yo, epi san li pa kenbe pwomès li te fè moun li te siyen kontra ak yo, moun sa a pa avèm, epi mwen menm tou, mwen pa avèk li.
Sahih Rapòte pa Mouslim