Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

105 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (52)
«Lacharite pa diminye richès, epi depi yon sèvitè chwazi padone, pa gen dout nan sa, Allah ap ogmante onèl, epi depi yon moun chwazi bese tèt li (gen imilite) poutèt Allah, pa gen dout nan sa, Allah ap level mete anlè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Lè Oum Salama te rakonte Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou yon legliz li te wè nan peyi Abisini ki te rele "Mariya", li te pale li sou imaj li te wè ladan li yo. Lè sa a, Mesaje Allah a te di: "Sa yo se yon pèp kote lè yon bon sèvitè oswa yon bon nonm mouri nan mitan yo, yo bati yon moske sou tonb li epi yo mete imaj sa yo ladan li. Sa yo se pi move kreyati nan zye Allah."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te sakrifye 2 belye mouton blan ak nwa ki gen kòn, li te sakrifye yo ak pwòp men li, li te di: "Nan non Allah", epi li te deklare "Allah se pi Gran an", epi li te mete pye li sou kote kou yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn netwaye bouch li ak Siwak lè li leve nan lannwit.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Taye moustach nou kout, epi kite bab nou grandi».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Lavi isiba a se yon byen, epi pi bon nan byen lavi isiba a se yon bon fanm.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Mwen te temwen Amr ibn Abi Hasan ki tap poze Abdullah ibn Zaid kesyon konsènan fason Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn pran dlo (fè ablisyon). Lè sa a, li te mande yon veso dlo, epi li te pran dlo (fè ablisyon) devan yo, menm jan ak ablisyon Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Li te panche veso a pou vide dlo sou men li, epi li te lave tou 2 men li 3 fwa. Aprèsa, li te plonje men li anndan veso a; li te rense bouch li, li te rale dlo nan nen li epi li te souflel soti deyò, avèk 3 ponyen dlo. Aprèsa, li te plonje men li ankò epi li te lave figil 3 fwa. Aprèsa, li te lave 2 bral rive jouk nan koud yo 2 fwa. Aprèsa, li te plonje men li epi li te pase men mouye sou tèt li; li te pase 2 men li yo soti devan pou ale dèyè, epi li fè yo tounen devan ankò yon sèl fwa. Aprèsa, li te lave 2 pyel yo rive jouk nan cheviy yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a te voyem pou yon bezwen, epi mwen te tonbe nan eta enpite majè epi mwen pat jwenn dlo, konsa, mwen te woule kòm sou tè a menm jan yon bèt woule kò li. Aprèsa, mwen vin jwenn Pwofèt la, epi mwen mansyone sa ba li, epi li di: «Li te sifi pou ou annik fè konsa ak 2 men ou yo.» Aprèsa, li frape tè a ak 2 men li yo yon sèl fwa, aprèsa, li mase men gòch la sou men dwat la, ak do 2 men li yo ansanm ak figi li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li