Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te ofri 2 belye mouton blan ak nwa ki gen kòn kòm sakrifis, li te sakrifye yo ak pwòp men li, li te di: "Nan non Allah, e Allah se pi Gran an," epi li te mete pye li sou bò kou yo.
Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di:
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te sakrifye 2 belye mouton blan ak nwa ki gen kòn, li te sakrifye yo ak pwòp men li, li te di: "Nan non Allah", epi li te deklare "Allah se pi Gran an", epi li te mete pye li sou kote kou yo.
ضَحَّى النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ بِكَبْشَيْنِ أَمْلَحَيْنِ أَقْرَنَيْنِ، ذَبَحَهُمَا بِيَدِهِ، وَسَمَّى وَكَبَّرَ، وَوَضَعَ رِجْلَهُ عَلَى صِفَاحِهِمَا.
Anas, ke Allah satisfè avèk li, te fè konnen ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te egòje ak pwòp men li, nan jou fèt Eid al-Adha a, 2 belye mouton ki gen kòn, ki te blan melanje ak nwa. Epi li te di: Nan non Allah, epi Allah se pi Gran an, epi li te mete pye li sou kou yo.
Lejitimite sakrifis la, epi tout Mizilman yo tonbe dakò sou li.
Li pi bon pou bèt yap touye (ofri kòm sakrifis) la se nan menm kalite sa a Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te touye (ofri kòm sakrifis) la; poutèt bèl aparans li, epi paske grès li ak vyann li gen pi bon gou.
An-Nawawi te di: "Nan sa a, li rekòmande pou yon moun pran responsablite pou li touye bèt (ofri sakrifis) li a li menm, epi pou li pa delege moun pou touyel (ofri sakrifis la) eksepte si li gen yon eskiz. Lè sa a, li rekòmande pou li prezan lè yap touyel (ofri sakrifis la), epi si li delege yon mizilman pou fè sa, sa pèmèt san okenn dezakò."
Ibn Hajar di: "Epi nan sa, li rekòmande pou fè Takbir la ansanm ak Tasmiyah a lè lap fè sakrifis la, epi li rekòmande pou li mete pye li sou bò dwat kou bèt yap sakrifye a. Epi yo dakò ke yo dwe kouche bèt la sou bò goch li, kidonk li mete pye li sou bò dwat la pou li ka pi fasil pou moun kap fè sakrifis la pran kouto a ak men dwat li epi pou li kenbe tèt bèt la ak men goch li."
Li rekòmande pou fè sakrifis la ak yon bèt ki gen kòn, men li pèmèt tou ak youn ki pa gen kòn.
Sahih Al-Bukhari (7/ 102) (5565).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1556) (1966).
Plis (4)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
لعبد الله البسام (ص724).
الإعلام بفوائد عمدة الأحكام.
لابن الملقن (10/ 179).