Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

105 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (52)
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) se te moun ki pi jenere pami tout moun, epi li te konn pi jenere toujou nan mwa Ramadan lè Jibril te konn rankontre li. Epi li te konn rankontre li chak nwit nan mwa Ramadan epi li te konn etidye Koran an avèk li. Konsa, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pi jenere nan fè sa ki byen pase yon van ki lage ap soufle.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun ki fè woudou (pirifikasyon) li epi fèl byen fèt, peche li yo soti nan kò li, jiskaske yo soti anba zong li yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Li te entèdi (manje) tout bèt sovaj ki gen dan kanin (kwòk dan) epi tout zwazo ki gen grif.
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Sètènman, lavi isiba a dous epi li vèt, epi sètènman, Allah mete nou kòm responsab ladan li, pou Li wè kijan nap aji. Donk, pran prekosyon nou ak lavi isiba a, epi pran prekosyon nou ak medam yo, paske sètènman, premye tantasyon (Fitnah) Pitit Izrayèl yo te soti nan medam yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Mwen te prepare dlo pou Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li te ka benyen (fè gousl), epi mwen te kouvri li avèk yon moso twal. Li te vide dlo sou 2 men li, epi li te lave yo. Aprèsa, li te vide dlo avèk men dwat li sou men gòch li, epi li te lave pati prive li. Epi li te frape men li atè, li te fwotel, aprèsa li te lave li. Epi li te rense bouch li ak nen li, epi li te lave figi li ak 2 bra li. Aprèsa, li te vide dlo sou tèt li, epi li te fè dlo koule sou tout kòl. Aprèsa, li te deplase, epi li te lave 2 pyel. Mwen te lonje yon moso twal ba li, men li pat pran li. Epi li te ale pandan li t ap souke men li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Yon Mesye te fè woudou epi li te kite yon ti kote sèch gwosè yon zong sou pye li. Lè Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te wè li, li te di: «Tounen epi byen fè woudou ou a». Lè sa a, li te tounen, aprèsa li te fè lapriyè.
Li otantik gras ak prèv ki kore li yo. Rapòte pa Mouslim
Mwen te ale jwenn Mesaje Allah a, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), ansanm ak yon gwoup nan Ash'ari yo, pou nou te mande li bèt pou nou monte. Li te di: «Mwen fè sèman sou Allah, mwen pap ban nou bèt pou nou monte, mwen pa gen anyen poum ban nou pou nou monte.» Aprèsa, nou te tann pandan kantite tan Allah te vle, jiskaske yo te mennen kèk chamo ba li, epi li te bay lòd pou yo ban nou 3 chamo. Lè nou tap pati, kèk nan nou tap di lòt: «Allah pap beni nou. Nou te vin jwenn Mesaje Allah a,( se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) , pou nou mandel bèt pou nou monte, li te fè sèman li pap ban nou bèt, epoutan li ban nou yo.» Abu Musa te di: Konsa, nou te retounen jwenn Pwofèt la, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) epi nou te rakontel sa. Li te di: «Se pa mwen menm ki te ban nou bèt pou nou monte yo, men se Allah ki ban nou yo. Mwen fè sèman sou Allah — si Allah vle — mwen pa janm fè yon sèman epi poum wè gen yon lòt chwa ki pi bon pasel, san mwen pa bay konpansasyon pou ekspiye sèman mwen an, poum chwazi fè sa ki pi bon an.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Si yon jou Vandredi ou di kamarad ou: Fè silans, pandan Imam nan ap preche, enben ou pale pou granmesi».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li