Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

31 of 477 cards

Clear filters
Mwen te di: O Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam mwen pap poze okenn lòt moun kesyon sou li sof ou menm. Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, aprèsa rete dwat.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun pami nou ki wè yon move zak, se poul chanjel ak men li; epi si li pa kapab, ak lang li; epi si li pa kapab, ak kè li, epi sa a se nivo lafwa ki pi fèb la.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
"«Relijyon an se konsèy ki sensè.» Nou mande li: «Pou ki moun ?» Li reponn: «Pou Allah, pou Liv li a, pou Mesaje li a, pou chèf kap dirije Mizilman yo, epi pou pèp la an jeneral.»"
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Bay tete entèdi sa nesans entèdi. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pirifikasyon se mwatye nan lafwa. "Al-Hamdulillah" (Lwanj pou Allah) plen balans lan. "SubhanAllah" (Glwa pou Allah) ak "Al-Hamdulillah" plen espas ki genyen ant syèl la ak tè a. Lapriyè se yon limyè. Bay Lacharite se yon prèv ki montre lafwa w. Pasyans se yon klète (ki chofe). Koran an se yon agiman pou defann ou, oubyen yon agiman kont ou. Chak moun leve chak maten pou yo soti, yo vann nanm yo: genyen ki delivre li (nan obeyi Allah), epi genyen ki detwil (nan peche).»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Si yo te bay moun yo daprè reklamasyon yo, gen moun ki ta reklame byen lòt moun ak san yo (lavi yo), men prèv la se sou moun kap fè reklamasyon an, epi sèman an se sou moun kap nye a (moun yap akize a).»
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Al-Bayhaqi ak lòt moun konsa, epi yon pati ladan l nan de Sahih yo.
«Moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe di sa ki byen, oubyen li dwe fè silans, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore vwazen li, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore envitel».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Li pa pèmèt pou koule san yon moun Mizilman, sòf nan youn nan 3 sitiyasyon sa yo: moun marye ki fè adiltè, yon nanm pou yon nanm, ak moun ki kite relijyon li an (Apostazi) epi ki separe ak kominote a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li