Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

99 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (48)
«Sètènman, pami siy Lè a(jou jijman an) : konesans lan ap disparèt, inyorans ap ogmante, ap gen anpil Zina (fònikasyon ak adiltè), moun ap bwè anpil alkòl, kantite gason ap diminye, epi kantite fanm ap ogmante, jiskaske se yon sèl gason ki pral responsab pou pran swen senkant (50) fanm.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Pa gen lòt dye esepte Allah ! Malè pandye sou tèt Arab yo poutèt yon gwo danje kap pwoche ! Jodi a, gen yon brèch ki louvri nan baryè Yajouj ak Majouj la, ki gwosè sa a » — epi li fòme yon ti sèk ak gwo pous li ansanm ak dwèt endèks li. Zaynab pitit fi Jahsh te di : Mwen te mande l : « O Mesaje Allah, èske nap peri alòske gen bon moun nan mitan nou ? » Li te reponn : « Wi, si move zak ak peche vin twòp. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te di: O Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam mwen pap poze okenn lòt moun kesyon sou li sof ou menm. Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, aprèsa rete dwat.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Allah, ki beni epi ki anwo nèt la, di: "Mwen se Sila a ki pi endepandan mwen pa bezwen okenn asosye. Nenpòt moun ki fè yon aksyon kote li asosye yon lòt ansanm avè m, Mwen abandone ni li menm, ni chirk li a (sa li asosye avè m nan).
Sahih Rapòte pa Mouslim
Allah Toupwisan an ap di moun ki nan Lanfè kap resevwa pinisyon ki pi piti a nan Jou Jijman an: «Siw te posede tout sa ki sou latè, èskew ta bay li kòm ranson pou sove tèt ou?» Lè sa a, lap reponn: «Wi.» Lè sa a Allah ap dil: «Mwen te mandew yon bagay ki pi senp pase sa lontan depi lèw te nan ren Adan: pouw pat mete okenn asosye avèm nan adorasyon an, men ou te refize e ou te pèsiste pouw mete lòt dye ansanm avèm.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di yon pawòl, epi mwen te di yon lòt. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki mouri pandan lap adore yon lòt bagay oswa yon lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.» Epi mwen menm, mwen te di: Moun ki mouri pandan li pap adore okenn lòt bagay oswa okenn lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi a.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«An verite, Allah pa gade aparans nou ak richès nou, men li gade kè nou ak aksyon nou yo».
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Allah ap pale ak chak grenn moun pami nou, san pa gen okenn entèprèt ant yo. Lap gade sou bò dwat li epi li pap wè anyen eksepte sa li te akonpli kòm zèv; lap gade sou bò gòch li epi li pap wè anyen eksepte sa li te akonpli kòm zèv; epi lap gade devan li epi li pap wè anyen eksepte Dife a fas a fas ak figi li. Kidonk, pwoteje tèt nou kont Dife a, menm si se avèk mwatye yon grenn dat.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li