Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters
« Lè Allah te fin kreye Paradi a ak Lanfè a, li te voye Jibril (lapè sou li) nan Paradi a. Li di li: "Ale wè li, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki gen pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen yon moun kap tande pale de li kap rete san li pa antre ladan l." Lè sa a, Allah bay lòd pou yo antoure Paradi a ak difikilte (sa moun pa renmen fè), epi li dil: "Ale wè li ankò, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre yo." Jibril ale, li gadel, epi li wè li antoure ak tout sa ki difisil, li di: "Mwen sèman sou pouvwa w la! Mwen pè pou pa gen pèsonn ki rive antre ladan li." Allah di li: "Ale gade Lanfè a, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li wè kote flanm dife yo ap monte sou tèt youn lòt (youn ap vale lòt). Li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen pèsonn kap antre ladan l." Lè sa a, Bondye bay lòd pou yo antoure Lanfè a ak tout kalite dezi (bagay ki atire moun). Epi li dil: "Tounen gade li." Jibril ale, li gadel, li wè li antoure ak tout kalite dezi, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Mwen pè pou pa gen pèsonn kap chape anba li, pou tout moun pa antre ladan l." »
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
«Pa gen okenn moun ki komèt yon peche, aprèsa li leve epi li pirifye tèt li, aprèsa li fè lapriyè, aprèsa li mande Allah padon, esepte Allah padone li», aprèsa li te li vèsè sa a: {Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo} [Aal Imran: 135].
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
«Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou pitit Adan pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men sil oblije (si li pa ka fè otreman), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i ak Ibn Majah ki rapòte li.