Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

36 of 477 cards

Clear filters
«Pirifikasyon se mwatye nan lafwa. "Al-Hamdulillah" (Lwanj pou Allah) plen balans lan. "SubhanAllah" (Glwa pou Allah) ak "Al-Hamdulillah" plen espas ki genyen ant syèl la ak tè a. Lapriyè se yon limyè. Bay Lacharite se yon prèv ki montre lafwa w. Pasyans se yon klète (ki chofe). Koran an se yon agiman pou defann ou, oubyen yon agiman kont ou. Chak moun leve chak maten pou yo soti, yo vann nanm yo: genyen ki delivre li (nan obeyi Allah), epi genyen ki detwil (nan peche).»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Se yon devwa pou chak Mizilman pou li benyen yon jou nan chak 7 jou, kote li lave tèt li ak kò li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Nou te retounen avèk Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) soti Lamèk pou ale Medin, jiskaske nou te rive bò yon dlo sou wout la. Yon gwoup moun te prese lè lè lapriyè 'Asr la te rive, epi yo te fè ablisyon (Woudou) yo byen vit. Lè nou rive kote yo, talon pye yo te parèt aklè san dlo pat touche yo. Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvril) di: «Malè pou talon pye yo anba dife Lanfè a! Akonpli ablisyon an (Woudou a) yon fason ki konplè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Soti nan Humran, sèvitè Ousmane bin Affan, li te wè Ousmane bin Affan te mande dlo pou fè woudou. Li vide dlo sou men li sot nan veso a, li lave yo 3 fwa. Aprèsa , li mete men dwat li nan dlo a, li rense bouch li, li aspire dlo nan nen li epil mouche li. Aprèsa , li lave figil 3 fwa, li lave men li jiska koud yo 3 fwa, li pase men mouye sou tèt li, epi li lave chak pyel 3 fwa. Aprèsa, li di: 'Mwen te wè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè woudou menm jan mwen fèl la, epi li te di: Nenpòt moun ki fè woudou menm jan avèm , epi li fè 2 rakat lapriyè san li pa kite lespril bay tèt li lòt panse, Allah ap padonnel tout pechel te fè anvan sa.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Siwak la se yon pirifikasyon pou bouch la, yon satisfaksyon pou Seyè a.»"
Sahih Rapòte pa An-Nasa'i ak Ahmad.
Oumm Habibah bint Jahsh, ki te marye ak Abd ar-Rahman ibn Awf, te plenyen bay Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) konsènan san an. Lè sa a, li di li: «Rete tann pa priye pandan kantite tan règ ou te konn fè ou rete a (anvan maladi a), aprèsa, benyen (fè Ghusl).» Epi li te konn benyen pou chak lapriyè.
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn lave kò li, oswa li te konn benyen (fè gwo ablisyon), avèk yon Sa' jiska senk Mudd(2 lit edmi rive 3 lit) epi li te konn pran dlo (fè ablisyon) avèk yon Mudd(mwens pase yon lit)
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan yon vwayaj, konsa mwen te bese poum retire chosèt an kwi li yo, epi li te di: «Kite yo tou 2, paske mwen te mete yo pandan yo tou 2 te pirifye». Epi li te pase men sou yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li