Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

8 of 477 cards

Clear filters
«Yon fi pa dwe vwayaje pou yon distans 2 jou esepte avèk maril oswa yon mahram, epi pa dwe gen jèn nan 2 jou: Al-Fitr ak Al-Adha, epi pa dwe gen priyè aprè Subh jiskaske solèy la leve, ni aprè Asr jiskaske solèy la kouche, epi yo pa dwe antreprann vwayaj esepte pou 3 moske: Moske Al-Haram, Moske Al-Aqsa, ak moskem nan la a».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi raze yon pati nan tèt la epi kite yon lòt.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki gen kapasite poul marye, se pou li marye, paske sa ede li bese zyel epi sa pwoteje chastete li, Kanta pou moun ki pa kapab, se poul jene, paske sa ap sèvi kòm yon pwoteksyon pou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Nou tout se gadyen, epi nou responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo, epi dirijan ki alatèt moun yo se yon gadyen, epi li responsab pou yo, epi gason an se yon gadyen pou moun nan kay li, epi li responsab pou yo, epi fanm nan se yon gadyen pou kay mari li ak pitit li, epi li responsab pou yo, epi esklav la se yon gadyen pou byen mèt li, epi li responsab pou li. Konnen sa byen, nou tout se gadyen, epi nou tout responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Bay tete entèdi sa nesans entèdi. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sètènman, lavi isiba a dous epi li vèt, epi sètènman, Allah mete nou kòm responsab ladan li, pou Li wè kijan nap aji. Donk, pran prekosyon nou ak lavi isiba a, epi pran prekosyon nou ak medam yo, paske sètènman, premye tantasyon (Fitnah) Pitit Izrayèl yo te soti nan medam yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Lavi isiba a se yon byen, epi pi bon nan byen lavi isiba a se yon bon fanm.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Yon kwayan pa dwe rayi yon kwayant (egzanp : madann li); si gen yon karaktè lakay li li pa renmen, lap jwenn yon lòt karaktè lakay li ki fè li plezi» oswa li te di: «yon lòt».
Sahih Rapòte pa Mouslim