Skip to content

Si yon moun renmen frè li (pou tèt Allah), se poul fèl konnen ke li renmen l.

Bò kote Al-Miqdam ibn Ma'dikarib (ke Allah satisfè de li), daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

Si yon moun renmen frè li (pou tèt Allah), se pou l fè l konnen ke li renmen l.

«إِذَا أَحَبَّ الرَّجُلُ أَخَاهُ فَلْيُخْبِرْهُ أَنَّهُ يُحِبُّهُ».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) montre youn nan rezon ki ranfòse relasyon ant moun ki gen lafwa yo epi ki simaye renmen nan mitan yo, ki se: lè yon moun renmen frèl, se poul fèl konnen ke li renmenl.

Pami benefis Hadith la

Merit (gwo valè) lanmou ki pi e ki sensè pou Allah ki anwo nèt la, san li pa baze sou okenn enterè materyèl nan mond sa a.

Li rekòmande pou fè moun ou renmen pou Allah a konnen ou renmenl, pou renmen an ak afeksyon an ka ogmante.

Pwopaje (simen) lanmou pami kwayan yo ranfòse frènite nan lafwa a, epi li pwoteje sosyete a kont dezentegrasyon (kraze) ak divizyon.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 444) (5124).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 199) (2392).

As-sounna al-Kubra pa An-Nasa'i (9/ 87) (9963).

Mousnad Ahmad (28/ 408) (17171).

Plis (12)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 450).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل المبارك (ص258).

رياض الصالحين للنووي.

(ص138) (383).

سلسلة الأحاديث الصحيحة وشيء من فقهها وفوائدها.

للألباني (1/ 777).

فيض القدير شرح الجامع الصغير.

للمناوي (1/ 247).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (6/ 279).