Skip to content

Eprèv (difikilte) pap sispann frape gason kwayan an ak fanm kwayan an nan kò li, nan pitit li, ak nan richès (byen) li, jiskaske li rankontre ak Allah san pa gen okenn peche sou do li.

Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè ak li), li di: Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

«Eprèv yo ap toujou kontinye frape kwayan an, gason kou fi, nan pwòp lavi li, nan pitit li ak nan byen li, jiskaske li rankontre Allah san pa gen okenn peche sou li.»

«مَا يَزَالُ البَلاَءُ بِالمُؤْمِنِ وَالمُؤْمِنَةِ فِي نَفْسِهِ وَوَلَدِهِ وَمَالِهِ حَتَّى يَلْقَى اللَّهَ وَمَا عَلَيْهِ خَطِيئَةٌ».

Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen: eprèv ak tès pap janm sispann tonbe sou gason kwayan an ak fanm kwayan an, nan tèt pa li atravè santel ak kòl; nan pitit li yo atravè maladi, lanmò, dezobeyisans oswa lòt bagay konsa; epi nan byen li atravè povrete, fayit nan komès, vòl, lavi di ak difikilte nan mwayen pou viv, jiskaske Allah efase tout pechel ak fot li yo gras avèk eprèv sa a, konsa lè li rankontre Allah, li deja vin pwòp nèt anba tout peche ak fot li te komèt yo.

Pami benefis Hadith la

Se pami mizèrikòd Allah anvè sèvitè kwayan li yo, lefètke Li efase peche yo nan lavi mond sa a, atravè kalamite ak afliksyon mond lan.

Eprèv lan li menm efase peche yo, ak kondisyon moun lan gen lafwa. Konsa, si sèvitè a montre li gen pasyans epi li pa revòlte, lap jwenn rekonpans.

Ankourajman pou gen pasyans nan tout bagay, kit se nan sa yon moun renmen oswa nan sa li pa renmen: li pran pasyans jiskaske li akonpli sa Allah rann obligatwa yo, li pran pasyans jiskaske li rete lwen sa Allah entèdi yo, pandan lap espere rekonpans Allah epi li pè pinisyon Li.

Pawòl li ki di: "sou gason kwayan an ak fanm kwayan an", lè yo ajoute mo fanm kwayan an (al-mu'minah), se yon prèv ki montre yon ensistans espesyal pou fanm nan; paske si li te sèlman di "sou kwayan an", fanm nan tap ladan li kanmenm, paske sa pa rezève pou gason sèlman. Konsa, si yon eprèv tonbe sou fanm nan, li gen pwomès menm rekonpans sa a tou, kote tout pechel ak fot li yo ap efase.

Pami bagay ki ede sèvitè a sipòte (fè vin pi fasil pou li) doulè lap rankontre fwa aprè fwa, se gwo favè (rekonpans) ki soti nan eprèv la.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (4/ 204) (2399).

Mousnad Ahmad (13/ 248) (7859).

Plis (8)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 113).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص51).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (1/ 273).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 80).