Skip to content

"Pral gen egoyis (moun kap pito tèt yo pase nou) ak bagay nou pap dakò avèk yo. Yo te di: O Mesaje Allah, ki lòd ou pase nou? Li te di: Fè devwa ki sou kont nou yo, epi mande Allah sa ki pou nou an (dwa pa nou an)."

Daprè Ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«Pral genyen egoyis ak bagay nou pap dakò avèk yo.» Yo di: O Mesaje Allah, kisa ou pase nou lòd pou nou fè? Li di: «Akonpli dwa ki sou do nou yo, epi mande Allah sa ki pou nou an.»

«سَتَكُونُ أَثَرَةٌ وَأُمُورٌ تُنْكِرُونَهَا» قَالُوا: يَا رَسُولَ اللَّهِ فَمَا تَأْمُرُنَا؟ قَالَ: «تُؤَدُّونَ الحَقَّ الَّذِي عَلَيْكُمْ، وَتَسْأَلُونَ اللَّهَ الَّذِي لَكُمْ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke pral gen chèf ki pral dirije Mizilman yo, kap kenbe lajan Mizilman yo ansanm ak lòt zafè nan lavi sou tè a pou yo menm sèl; yap itilize yo jan yo vle, epi yap anpeche Mizilman yo jwenn dwa yo genyen ladan yo. Epi ap gen bagay nan mitan yo ki konsène relijyon an ki pral parèt akseptab pou yo men moun ap rejte (oswa ki pral vin chanje nan yon fason ki pa kòrèk). Epi konpayon yo (ke Allah satisfè avèk yo) te mande: Kisa pou yo fè nan sitiyasyon sa a? Epi Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah a sou li) te enfòme yo lefèt ke yo ap monopolize richès la pa anpeche nou akonpli sa ki obligatwa sou nou an tèm koute yo ak obeyi yo. Okontrè, nou dwe pran pasyans, koute yo, obeyi yo, epi nou pa dwe diskite pouvwa a ak yo. Nou dwe mande Allah dwa ki pou nou an, epi mandel poul korije yo, epi pou li defann nou anba mechanste ak enjistis yo.

Siyifikasyon mo yo

الأَثَرَة: الاستئثار عليهم بأمور الدنيا والانفراد بها، عمن له فيه حق.

Pami benefis Hadith la

Hadith la se pami prèv pwofesi li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), kote li te anonse sa ki gen pou rive nan kominote li a, epi sa te rive jan li te anonse a.

Li pèmèt pou fè moun ki anba eprèv la konnen malè ki prevwa rivel la, pou li prepare nanm li; konsa, lè malè a frapel, lap sipòte sa ak pasyans epi ak espwa poul jwenn rekonpans.

Kenbe fèm nan Liv la (koran an) ak Sounnah a se mwayen pou chape anba tribilasyon ak dezakò.

Ankourajman pou nou koute epi obeyi dirijan yo nan sa ki bon, pou nou pa leve kont yo, menm si yo ta fè enjistis.

Sèvi ak bon konprann ak swiv Sounnah a nan tan tantasyon yo ak tribilasyon yo.

Lèzòm dwe ranpli devwa ki sou kont li, menm si li sibi kèk enjistis.

Sa a se yon prèv pou règleman ki di a: « Nou chwazi pi piti nan 2 mal yo oswa pi piti nan 2 domaj yo. »

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 199) (3603).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1472) (1843).

Plis (10)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 720).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص52).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (9/ 402).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (1/ 280).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 554).