Èske nou konnen kiyès ki depafini an (moun ki fè fayit nèt la) ?
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Pwofèt la di : « Èske nou konnen kiyès ki depafini an (moun ki fè fayit la) ? » Yo reponn : « Moun ki fè fayit nan mitan nou, se moun ki pa gen ni lajan (dirham) ni byen materyèl. » Li di : « Moun ki fè fayit toutbon nan kominotem nan, se moun ki va vini nan Jou Rezirèksyon an ak anpil priyè, jèn, ak zakat (lamòn); men li vini tou pandan li te joure moun sa a, li te kalonye (akize) moun sa a, li te manje lajan moun sa a, li te koule san moun sa a, epi li te bat moun sa a. Yap pran nan bon zèv li yo pou yo bay moun sa a, epi pran nan bon zèv li yo pou bay lòt moun sa a; si bon zèv li yo fini anvan li fin peye tout dèt li genyen anvè yo, yap pran nan peche moun li te fè tò yo pou jete sou dol, aprèsa yap jetel nan Lanfè. »
«أَتَدْرُونَ مَا الْمُفْلِسُ؟» قَالُوا: الْمُفْلِسُ فِينَا مَنْ لَا دِرْهَمَ لَهُ وَلَا مَتَاعَ، فَقَالَ: «إِنَّ الْمُفْلِسَ مِنْ أُمَّتِي يَأْتِي يَوْمَ الْقِيَامَةِ بِصَلَاةٍ وَصِيَامٍ وَزَكَاةٍ، وَيَأْتِي قَدْ شَتَمَ هَذَا، وَقَذَفَ هَذَا، وَأَكَلَ مَالَ هَذَا، وَسَفَكَ دَمَ هَذَا، وَضَرَبَ هَذَا، فَيُعْطَى هَذَا مِنْ حَسَنَاتِهِ، وَهَذَا مِنْ حَسَنَاتِهِ، فَإِنْ فَنِيَتْ حَسَنَاتُهُ قَبْلَ أَنْ يُقْضَى مَا عَلَيْهِ أُخِذَ مِنْ خَطَايَاهُمْ فَطُرِحَتْ عَلَيْهِ، ثُمَّ طُرِحَ فِي النَّارِ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te mande konpayon li yo: «Èske nou konnen kiyès ki moun ki fè fayit la?» Yo reponn: «Moun ki fè fayit pami nou, se sila a ki pa gen ni lajan ni okenn byen.» Li di: «An verite, moun ki fè fayit nan kominote mwen an nan Jou Jijman an se moun ki vini avèk bon zèv tankou lapriyè, jèn, ak Zaka, men li vini tou alòske li te joure yon moun epi li te ensilte li, li te kalomnye yon lòt nan lonè li, li te manje byen yon lòt epi li te nye sa, li te koule san yon lòt epi li te fè li enjistis, epi li te frape yon lòt epi li te imilye li. Lè sa a, yap pran nan bon zèv li yo pou bay moun li te fè enjistis la. Si bon zèv li yo fini anvan li fin peye sa li dwe a kòm dwa ak enjistis li te komèt, yap pran nan peche moun ki te sibi enjistis yo pou mete nan rejis moun ki te fè enjistis la, epi aprèsa yap jetel epi lage li nan Dife a, paske li pa gen okenn bon zèv ki rete ankò.»
Avètisman pou moun pa tonbe nan sa ki entèdi (peche), espesyalman sa ki gen rapò ak dwa lòt moun, kit se nan domèn materyèl (lajan ak byen) kit se nan domèn moral (onè ak diyite).
Dwa moun genyen antre yo baze sou revandikasyon strik (chak moun ap egzije sa yo dwe li san padon fasil), alòske dwa Kreyatè a—apa peche asosye lòt dye avèk Li (chirk)—baze sou padon ak tolerans.
Itilizasyon metòd dyalòg (konvèsasyon) ki bay moun kap koute a anvi konnen plis, ki atire atansyon li epi ki eksite enterèl, sitou nan domèn edikasyon ak oryantasyon.
Eksplikasyon sou siyifikasyon vrè moun ki fè fayit la,se moun viktim li yo ap pran bon zèv li nan Jou Jijman an.
Rann kont nan Jou Rezirèksyon an ka fini ak tout bon zèv yon moun, poul pa kite yon sèl grenn dèyè.
Fason Allah aji ak kreyati li yo baze sou jistis ak laverite.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1997) (2581).
Plis (6)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 312).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (1/ 241).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 527).
Cited in books
6 BooksPlis (6)
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«إِنَّ المُفْلِسَ مِنْ أُمَّتِي يَأْتِي يَوْمَ القِيَامَةِ بِصَلاةٍ وَصِيَامٍ وَزَكَاةٍ، وَيَأْتِي قَدْ شَتَمَ هَذَا، وَقَذَفَ هَذَا، وَأَكَلَ مَالَ هَذَا، وَسَفَكَ دَمَ هَذَا، وَضَرَبَ هَذَا؛ فَيُعْطَى هَذَا مِنْ حَسَنَاتِهِ، وَهَذَا مِنْ
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«إِنَّ الْمُفْلِسَ مِنْ أُمَّتِي مَنْ يَأْتِي يَوْمَ الْقِيَامَةِ بِصَلاةٍ وَصِيَامٍ وَزَكَاةٍ، وَيَأْتِي قَدْ شَتَمَ هذَا، وَقَذَفَ هذَا، وَأَكَلَ مَالَ هذَا، وسَفَكَ دَمَ هذَا، وَضَرَبَ هذا، فَيُعْطَىٰ هذَا مِنْ حَسَنَاتِهِ، وَهذَا مِنْ ح
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«أَتَدْرُونَ مَنِ المُفْلِس؟ "قَالُوا: المُفْلِسُ فِينَا مَنْ لَا دِرْهَمَ لَهُ وَلَا مَتَاعَ، فَقَالَ: إِنَّ المُفْلِسَ مِنْ أُمَّتِي يَأْتِي يَوْمَ القِيَامَةِ بِصَلَاةٍ، وَصِيَامٍ، وَزَكَاةٍ، وَيَأْتِي قَدْ شَتَمَ هَذَا، وَقَذَفَ هَذَا،
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«أَتَدْرُونَ مَا المُفْلِسُ؟» قَالُوا: المُفْلِسُ فِينَا مَنْ لَا دِرْهَمَ لَهُ وَلَا مَتَاعَ، فَقَالَ: «إِنَّ المُفْلِسَ مِنْ أُمَّتِي يَأْتِي يَوْمَ القِيَامَةِ بِصَلَاةٍ، وَصِيَامٍ، وَزَكَاةٍ، وَيَأْتِي قَدْ شَتَمَ هَذَا، وَقَذَفَ هَذَا،
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الرابعة«أَتَدْرُونَ مَا المُفْلِسُ؟». قَالُوا: الْمُفْلِسُ فِينَا مَنْ لَا دِرْهَمَ لَهُ وَلَا مَتَاعَ. فَقَالَ: «إِنَّ الْمُفْلِسَ مِنْ أُمَّتِي يَأْتِي يَوْمَ الْقِيَامَةِ بِصَلَاةٍ، وَصِيَامٍ، وَزَكَاةٍ، وَيَأْتِي قَدْ شَتَمَ هَذَا، وَقَذَفَ هَ
- نبراس طالب (4)1«أَتَدْرُونَ مَا الْمُفْلِسُ؟» قَالُوا: الْمُفْلِسُ فِينَا مَنْ لَا دِرْهَمَ لَهُ وَلَا مَتَاعَ. فَقَالَ ﷺ : «إِنَّ الْمُفْلِسَ مِنْ أُمَّتِي يَأْتِي يَوْمَ الْقِيَامَةِ بِصَلَاةٍ وَصِيَامٍ وَزَكَاةٍ، وَيَأْتِي قَدْ شَتَمَ هَذَا، وَقَذَفَ ه