Skip to content

Yon gason pa gen dwa gade pati entim yon gason, ni yon fanm pa gen dwa gade pati entim yon fanm.

Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Yon gason pa dwe gade pati entim yon lòt gason, ni yon fanm pa dwe gade pati entim yon lòt fanm, epi yon gason pa dwe kole kò li ak yon lòt gason anba yon sèl rad, ni yon fanm pa dwe kole kò li ak yon lòt fanm anba yon sèl rad.»

«لَا يَنْظُرُ الرَّجُلُ إِلَى عَوْرَةِ الرَّجُلِ، وَلَا الْمَرْأَةُ إِلَى عَوْرَةِ الْمَرْأَةِ، وَلَا يُفْضِي الرَّجُلُ إِلَى الرَّجُلِ فِي ثَوْبٍ وَاحِدٍ، وَلَا تُفْضِي الْمَرْأَةُ إِلَى الْمَرْأَةِ فِي الثَّوْبِ الْوَاحِدِ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) entèdi pou yon gason gade "Awrah" (pati ki dwe rete kache) yon lòt gason, oswa pou yon fanm gade "Awrah" yon lòt fanm. Epi sa ki dwe kouvri nan kò a: li se tout sa ki fè moun wont lè li parèt, epi pati pou yon gason kouvri se sa ki ant lonbrit li ak jenoul. Epi pou fanm nan, tout kò li se yon pati ki dwe kouvri devan gason ki etranje pou li (ki pa fanmi li), epi devan lòt fanm yo ak moun ki 'Mahram' li yo, li kapab kite parèt sa ki konn parèt nòmalman lè li ap travay nan kay la. Epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi pou yon gason ret pou kont li ak yon lòt gason nan yon sèl rad oswa anba yon sèl dra pandan yo toutouni, epi pou yon fanm ret pou kont li ak yon lòt fanm nan yon sèl rad oswa anba yon sèl dra pandan yo toutouni; paske sa ka lakòz youn touche "Awrah" (pati ki dwe rete kache) lòt la. Epi, touche li se yon bagay ki entèdi menm jan ak gade li, okontrè, entèdiksyon pou touchel la pi sevè toujou; paske sa mennen nan mal ki pi grav.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Entèdiksyon pou gade "Awrah" (pati ki dwe rete kache) yo, sof mari ak madanm li.

Islam bay anpil enpòtans pou kenbe sosyete a pwòp (nan moralite ak lespri) epi pou fèmen tout chemen ki ka mennen nan move zak ak imoralite.

Ou gen dwa gade pati entim nan depiw gen nesesite pou sa, tankou pou swen medikal ak lòt bagay konsa, men ak kondisyon pou sa fèt san okenn dezi.

Mizilman an gen lòd pou li kouvri pati entim li (Awrah), epi pou li bese zye li pou li pa gade pati entim lòt moun.

Entèdiksyon an fèt espesyalman pou gason avèk gason, epi fanm avèk fanm; paske sa ka pi fasil lakòz yo gade epi devwale "Awrah" (pati ki dwe rete kache) yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 266) (338).

Plis (10)

نزهة المتقين.

مجموعة من الباحثين (2/ 1118).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (19/ 288).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (3/ 146).

إكمال المعلم بفوائد مسلم.

لعياض بن عياض (2/ 186).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (6/ 363).