Pa kwè moun ki te resevwa Liv yo (Jwif ak Kretyen yo), men tou pa di yo se manti yap bay. Olye de sa, di: "Nou kwè nan Allah ak sa ki te desann sou nou.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di:
Moun Liv yo te konn li Tora a an Ebre, epi yo te konn eksplikel an Arab pou moun Islam yo. Lè sa a, Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Pa kwè moun Liv yo epi pa demanti yo, epi di: {Nou kwè nan Allah ak nan sa ki desann vin jwenn nou} [Al-Baqarah: 136] jiska lafen vèsè a."
كَانَ أَهْلُ الْكِتَابِ يَقْرَؤُونَ التَّوْرَاةَ بِالْعِبْرَانِيَّةِ، وَيُفَسِّرُونَهَا بِالْعَرَبِيَّةِ لِأَهْلِ الْإِسْلَامِ، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «لَا تُصَدِّقُوا أَهْلَ الْكِتَابِ وَلَا تُكَذِّبُوهُمْ، وَقُولُوا: {آمَنَّا بِاللهِ وَمَا أُنْزِلَ إِلَيْنَا} [البقرة: 136] الْآيَةَ».
Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) te avèti kominotel la pou yo pa kite tèt yo twonpe pa sa moun ki te resevwa Liv yo (Jwif ak Kretyen yo) rakonte nan liv pa yo. Kote ke jwif yo nan epòk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn li Tora a nan lang Ebre a; ki se lang jwif yo, epi yo te konn eksplikel nan lang Arab la, Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze) te di: "Pa kwè moun ki te resevwa Liv yo, epi pa di yo se manti yap bay." Sa a konsène bagay kote nou pa konnen si sa yo di a se verite oubyen si se manti. Sa a se paske Allah ki anwo nan syèl la te bay lòd pou nou kwè nan sa ki te desann sou nou an (Koran an), epi nan sa ki te desann sou yo a (Liv yo). Men nou pa gen okenn mwayen pou nou konnen sa ki verite nan sa yap rakonte sou liv sa yo, kontrè ak sa ki fo, depi pa gen anyen nan lalwa nou an (charia) ki klarifye si sa yo di a se verite oubyen se manti. Kidonk, nou pran pozisyon pou nou pa pran pa: nou pa kwè yo, pou nou pa vini konplis avèk yo nan sa yo chanje (defòme) nan liv yo a; epi nou pa di yo se manti, paske petèt sa ka verite, epi nou ta ka fini pa rejte yon bagay yo te mande nou kwè ladan l. Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te rekòmande pou nou di: {Nou kwè nan Allah, nan sa ki te desann sou nou, nan sa ki te desann sou Abraram, Ismayèl, Izarak, Jakòb ak douz branch fanmi yo, nan sa Moyiz ak Jezi te resevwa, ak nan sa tout pwofèt yo te resevwa nan men Seyè yo a. Nou pa fè okenn diferans ant yo menm, epi se devan Li menm sèlman nou soumèt nou (nou se Mizilman).} [Al-Baqarah: 136].
العبرانية: وتسمى العبرية، وهي لغة اليهود.
Enfòmasyon Moun Liv yo rapòte gen 3 kategori: yon kategori ki an akò ak Koran an ak Sounnah a, kidonk yo akseptel kòm verite; yon kategori ki kontredi Koran an ak Sounnah a, sa a se fo epi yo rejtel kòm manti; ak yon twazyèm kategori ki pa gen anyen nan Koran an ak Sounnah a ki pwouve sil se verite oswa manti; sa a, yo ka rapòtel, men yo pa akseptel kòm verite ni yo pa rejtel kòm manti.
Sahih Al-Bukhari (6/ 20) (4485).
Plis (1)
فتح الباري لابن حجر (8/ 170).