Mwen sèmante sou non Allah, si Allah ta gide yon sèl moun gras a ou, sa gen plis valè pou ou pase siw ta posede pi bon kalite chamo wouj yo.
Daprè Sahl bin Sa'd (se pou Allah satisfè avè l), Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di nan jou Khaybar la:
«Demen, ma bay drapo sa a yon nonm Allah pral bay laviktwa pa mwayen li; li renmen Allah ak Mesaje Li a, epi Allah ak Mesaje Li a renmen l.» Moun yo te pase tout nwit lan ap diskite pou konnen kiyès nan yo ki ta pral resevwal, epi lè maten rive, yo tout te rasanble devan mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak espwa pou yo resevwal, men li mande: «Kote Ali pitit gason Abu Talib la?» Yo reponn li: «O Mesaje Allah zyel ap fèl mal», epi li di: «Voye chèche li»; lè yo mennen li, Mesaje Allah (lapè ak benediksyon sou li) mete yon ti krache nan zyel epi li priye pou li, sa ki te fè Ali geri nèt kòmsi li pat janm gen anyen, epi li remèt li drapo a; lè sa a Ali mande: «O Mesaje Allah , èske mwen dwe konbat yo jiskaske yo vin tankou nou?», Pwofèt la reponn li: «Avanse dousman jiskaske ou rive nan lakou yo, aprè sa envite yo vin nan Islam epi fè yo konnen sa Allah egzije nan men yo kòm devwa; paske, mwen sèmante sou non Allah si Allah ta gide yon sèl moun gras a ou, sa gen plis valè pou ou pase si ou ta posede pi bon kalite chamo wouj yo.»
«لَأُعْطِيَنَّ هَذِهِ الرَّايَةَ غَدًا رَجُلًا يَفْتَحُ اللَّهُ عَلَى يَدَيْهِ، يُحِبُّ اللَّهَ وَرَسُولَهُ وَيُحِبُّهُ اللَّهُ وَرَسُولُهُ»، قَالَ: فَبَاتَ النَّاسُ يَدُوكُونَ لَيْلَتَهُمْ أَيُّهُمْ يُعْطَاهَا، فَلَمَّا أَصْبَحَ النَّاسُ غَدَوْا عَلَى رَسُولِ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ كُلُّهُمْ يَرْجُو أَنْ يُعْطَاهَا، فَقَالَ: «أَيْنَ عَلِيُّ بْنُ أَبِي طَالِبٍ؟» فَقِيلَ: هُوَ يَا رَسُولَ اللَّهِ يَشْتَكِي عَيْنَيْهِ، قَالَ: «فَأَرْسِلُوا إِلَيْهِ»، فَأُتِيَ بِهِ فَبَصَقَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِي عَيْنَيْهِ وَدَعَا لَهُ، فَبَرَأَ حَتَّى كَأَنْ لَمْ يَكُنْ بِهِ وَجَعٌ، فَأَعْطَاهُ الرَّايَةَ، فَقَالَ عَلِيٌّ: يَا رَسُولَ اللَّهِ، أُقَاتِلُهُمْ حَتَّى يَكُونُوا مِثْلَنَا؟ فَقَالَ: «انْفُذْ عَلَى رِسْلِكَ حَتَّى تَنْزِلَ بِسَاحَتِهِمْ، ثُمَّ ادْعُهُمْ إِلَى الإِسْلاَمِ، وَأَخْبِرْهُمْ بِمَا يَجِبُ عَلَيْهِمْ مِنْ حَقِّ اللَّهِ فِيهِ، فَوَاللَّهِ لَأَنْ يَهْدِيَ اللَّهُ بِكَ رَجُلًا وَاحِدًا، خَيْرٌ لَكَ مِنْ أَنْ يَكُونَ لَكَ حُمْرُ النَّعَمِ».
Pwofèt la, se pou lapè ak benediksyon Allah sou li, te anonse Konpayon yo viktwa Mizilman yo sou Jwif Khaybar yo nan landmen an, epi sa tap fèt pa mwayen yon nonm li tap bay drapo a, ki se banyè lame a pran kòm senbòl li a, Epi nonm sa a, pami kalite li yo sè ke li renmen Allah ak Mesaje Li a, epi Allah ak Mesaje Li a renmen li tou. Konpanyon yo te pase nwit la ap diskite epi ap pale sou kiyès yo ta pral bay drapo a, avèk yon gwo dezi pou yo jwenn gwo onè sa a, Lè maten an rive, yo te ale jwenn Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), pandan yo tout tap espere genyen onè sa a, Epi li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te mande pou Ali bin Abi Talib, (ke Allah satisfè avèk li)? Yo te di: Li malad, lap soufri ak zye li. Konsa, Mesaje Allah la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te voye rele li, epi yo te mennen li ba li. Li te krache nan zye Ali ak saliv li ki sakre, epi li te priye pou li. Li te geri ak maladil la kòmsi li pat janm gen okenn doulè. Aprè sa, li te ba li drapo a, epi li te pasel lòd pou li avanse avèk kalm jiskaske li rive touprè fò lènmi an pou li ofri yo antre nan Islam. Si yo aksepte, li dwe fè yo konnen ki obligasyon yo genyen. Aprèsa, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre Ali valè ki genyen nan rele moun vin jwenn Allah, epi ke si moun kap fè apèl la sèvi kòm yon kòz pou gide yon sèl moun, sa pi bon pou li pase poul ta genyen chamo wouj yo, ki se richès ki pi presye pou Arab yo, poul ta posede yo oubyen poul ta bay yo kòm charite.
Mèrit Ali bin Abi Talib, (ke Allah satisfè ak li), ak temwayaj Mesaje a, (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li), an favè li, ki ateste ke Allah ak Mesaje Li a renmen li, epi li menm tou li renmen Allah ak Mesaje Li a.
Anvi konpayon yo te genyen pou fè sa ki byen ak kous yo tap kouri (te konn fè)pou sa
Li preskri pou gen bon konpòtman pandan konba, epi evite aji san reflechi ak bwi deranjan ki pa nesesè yo.
Pami prèv pwofesi li a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), se anons li te fè konsènan viktwa sou Jwif yo, ak gerizon tou 2 zye Ali bin Abi Talib yo nan men li avèk pèmisyon Allah.
Pi gwo objektif Djihad la se pou moun yo antre nan Islam.
Dawah a (Envite moun nan Islam ) fèt Etap pa etap: an premye yo mande moun ki pa kwayan an pou li antre nan Islam nan pwononse 2 temwayaj lafwa yo (Shahada), aprèsa yo ba li lòd pou li pratike obligasyon Islam yo.
Merit ki genyen nan envite moun nan Islam ansanm ak byen sa pote pou moun yap envite a ak moun kap fè envitasyon an; paske moun yap envite a kapab jwenn gidans, epi moun kap fè envitasyon an ap resevwa yon gwo rekonpans.
Sahih Al-Bukhari (5/ 134) (4210).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1872) (2406).
(1/ 134).
Plis (9)
فتح المجيد شرح كتاب التوحيد.
(ص88).
القول المفيد على كتاب التوحيد.
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
(ص57).
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
(ص67).
التمهيد لشرح كتاب التوحيد.
(ص59).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“لأن يهدي الله بك رجلا واحدا خير لك من أن يكون لك حمر النعم”.
- كتاب التوحيدكتاب التوحيد للشيخ محمد بن عبد الوهاب((أَيْنَ عَلِيُّ بْنُ أَبِي طَالِبٍ؟)).
- نبراس طالب (5)1«ثُمَّ ادْعُهُمْ إِلَى الإِسْلاَمِ، وَأَخْبِرْهُمْ بِمَا يَجِبُ عَلَيْهِمْ، فَوَاللهِ لَأَنْ يَهْدِيَ اللهُ بِكَ رَجُلًا خَيْرٌ لَكَ مِنْ أَنْ يَكُونَ لَكَ حُمْرُ النَّعَمِ»