Skip to content

Bay eritye yo pòsyon pa yo nan eritaj la daprè sa Lalwa preskri, e sa ki rete, se pou pi pwòch fanmi gason ki rete a.

Daprè Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«Bay moun ki gen dwa yo pòsyon eritaj ki preskri yo, epi sa ki rete a, se pou fanmi gason ki pi pwòch la.»

«أَلْحِقُوا الفَرَائِضَ بِأَهْلِهَا، فَمَا بَقِيَ فَلِأَوْلَى رَجُلٍ ذَكَرٍ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) kòmande moun ki responsab pou pataje eritaj la pou yo distribyel bay moun ki gen dwa avèk li yo avèk yon pataj ki jis daprè lalwa relijyon an, menm jan Allah ki anwo nan syèl la vle a. Konsa, yo bay moun ki gen pati ki fiks yo pòsyon pa yo ki nan Liv Allah a, ki se 2 tyè, yon tyè, yon sizyèm, mwatye, yon ka, ak yon wityèm. Epi sa ki rete aprè sa a, yo bay li ak gason ki pi pwòch moun ki mouri a, epi yo rele yo 'Asabah.

Pami benefis Hadith la

Hadith la se yon règ nan pataj eritaj la.

Pataj Obligasyon yo fèt lè ou kòmanse ak moun ki gen dwa nan Obligasyon yo.

Ke rès ki rete aprè obligasyon yo se pou Asaba yo.

Bay priyorite ak fanmi ki pi pwòch yo, selon degre fanmi an. Kidonk, yon fanmi gason ki lwen (Asabat) tankou tonton (frè papa) pa ka eritye lè gen prezans yon fanmi gason ki pi pwòch (Asabat) tankou papa.

Pa gen anyen ki rete pou eritye "Asib" la (eritye ki pa gen pòsyon fiks la) si eritye ki gen pòsyon fiks yo pran tout eritaj la; sa vle di, si pa gen anyen ki rete pou li.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 152) (6737).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1233 - 1234) (1615).

Plis (8)

فتح الباري.

لابن حجر (12/ 28).

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (2/ 53).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

لعبد الله البسام (ص554).

خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.

لفيصل آل مبارك (ص276).