Skip to content

Gen kèk pawòl yo repete aprè lapriyè, moun ki di yo oswa ki fè yo aprè chak lapriyè obligatwa pap janm pèdi (ni desi): tranntwa (33) fwa Soubhanallah (Glwa pou Allah), tranntwa (33) fwa Alhamdoulillah (Lwanj pou Allah), ak trannkat (34) fwa Allahou Akbar (Allah se pi gran).

Daprè Ka'b Ibn Ujrah (ke Allah satisfè avè l), daprè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

« Gen kèk pawòl (Adhkar) ki vin aprè lapriyè, moun ki di yo - oswa ki fè yo - aprè chak lapriyè obligatwa pap janm desi: se di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa, di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 34 fwa. »

«مُعَقِّبَاتٌ لَا يَخِيبُ قَائِلُهُنَّ -أَوْ فَاعِلُهُنَّ- دُبُرَ كُلِّ صَلَاةٍ مَكْتُوبَةٍ، ثَلَاثٌ وَثَلَاثُونَ تَسْبِيحَةً، وَثَلَاثٌ وَثَلَاثُونَ تَحْمِيدَةً، وَأَرْبَعٌ وَثَلَاثُونَ تَكْبِيرَةً».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen sou kèk zik (rapèl) kote moun ki pwononse yo pap ni pèdi ni regrèt, okontrè lap gen rekonpans pou pawòl sa yo. Yo vini youn aprè lòt, epi yo di yo touswit aprè lapriyè obligatwa a. Men yo: "Glwa pou Allah" 33 fwa, sa vle di deklare Li, Trè O a, lib anba tout enpèfeksyon. Epi «Alhamdulillah» (Lwanj pou Allah) 33 fwa, ki se dekri Allah avèk pèfeksyon total, ansanm ak lanmou ak venerasyon pou Li. Epi "Allahu Akbar" (Allah se pi gran an) 34 fwa, paske Allah se pi gran an, Li pi glorye, epi Li pi pwisan pase tout bagay.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Merit Tasbih, Tahmid, ak Takbir, paske yo se bon zèv kap rete pou toutan yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 418) (596).

Plis (10)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 501).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (2/ 976).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعلي القاري (2/ 766).

تيسير العلام.

للبسام (ص227).

فيض القدير شرح الجامع الصغير.

لزين الدين المناوي (5/ 525).