Èske Allah pat ba nou mwayen pou nou fè charite? An verite, chak fwa yon moun di "SubhanAllah" (glwa pou Allah) se yon charite, chak fwa li di "Allahu Akbar" (Allah se pi gran an) se yon charite, chak fwa li di "Alhamdulillah" (louwanj pou Allah) se yon charite, chak fwa li di "La ilaha illa Allah" (pa gen lòt dye pase Allah) se yon charite, ankouraje sa ki byen se yon charite, entèdi sa ki mal se yon charite, e menm nan rapò seksyèl (avèk madanm ou) gen yon charite ladan li.
Daprè Abou Dharr (ke Allah satisfè de li):
Gen kèk nan konpayon Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te di Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li): "O Mesaje Allah, moun rich yo ale ak tout rekonpans yo; yo priye menm jan nou priye, yo fè jèn menm jan nou fè jèn, epi yo bay Sadaka avèk sipli richès yo genyen." Li reponn yo: «Èske Allah pa ban nou mwayen pou nou fè Sadaka tou? Sètènman, chak Tasbih (lè nou di SoubhanAllah) se yon Sadaka, chak Takbir (lè nou di Allahu Akbar) se yon Sadaka, chak Tahmid (lè nou di Alhamdulillah) se yon Sadaka, chak Tahlil (lè nou di La ilaha illa Allah) se yon Sadaka; ankouraje moun fè sa ki byen se yon Sadaka, anpeche moun fè sa ki mal se yon Sadaka, epi gen yon Sadaka nan relasyon entim youn nan nou (avèk madanm li).» Yo dil: "O Mesaje Allah, èske youn nan nou kapab satisfè dezi li epi poul jwenn rekonpans pou sa?" Li reponn: «Èske nou pa wè, si li ta mete dezi li nan Haram (nan sa ki entèdi), li tap gen yon peche pou sa? Ebyen konsa tou, lè li mete li nan Halal (nan fason Allah pèmèt la), lap jwenn yon rekonpans.»
أَنَّ نَاسًا مِنْ أَصْحَابِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ قَالُوا لِلنَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: يَا رَسُولَ اللهِ، ذَهَبَ أَهْلُ الدُّثُورِ بِالْأُجُورِ، يُصَلُّونَ كَمَا نُصَلِّي، وَيَصُومُونَ كَمَا نَصُومُ، وَيَتَصَدَّقُونَ بِفُضُولِ أَمْوَالِهِمْ، قَالَ: «أَوَلَيْسَ قَدْ جَعَلَ اللهُ لَكُمْ مَا تَصَّدَّقُونَ؟ إِنَّ بِكُلِّ تَسْبِيحَةٍ صَدَقَةً، وَكُلِّ تَكْبِيرَةٍ صَدَقَةً، وَكُلِّ تَحْمِيدَةٍ صَدَقَةً، وَكُلِّ تَهْلِيلَةٍ صَدَقَةً، وَأَمْرٌ بِالْمَعْرُوفِ صَدَقَةٌ، وَنَهْيٌ عَنْ مُنْكَرٍ صَدَقَةٌ، وَفِي بُضْعِ أَحَدِكُمْ صَدَقَةٌ»، قَالُوا: يَا رَسُولَ اللهِ، أَيَأتِي أَحَدُنَا شَهْوَتَهُ وَيَكُونُ لَهُ فِيهَا أَجْرٌ؟ قَالَ: «أَرَأَيْتُمْ لَوْ وَضَعَهَا فِي حَرَامٍ أَكَانَ عَلَيْهِ فِيهَا وِزْرٌ؟ فَكَذَلِكَ إِذَا وَضَعَهَا فِي الْحَلَالِ كَانَ لَهُ أَجْرٌ».
Kèk nan konpayon Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te pòv te plenyen bò kotel konsènan sitiyasyon yo ak povrete yo. Yo te tris paske yo patgen mwayen pou yo fè charite ak lajan pou yo te ka jwenn gwo rekonpans jan frè yo ki rich yo te jwenn, e pou yo te ka fè byen menm jan ak yo. Yo te di: "Yo (moun rich yo) ap lapriyè menm jan nou lapriyè, yap jene menm jan nou jene, epi yap bay lacharite ak sa yo genyen anplis, tandiske nou menm nou pa kapab fè sa!" Konsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre yo sa ki nan kapasite yo pou yo fè kòm ofrann, epi li di (lapè ak benediksyon Allah sou li): Èske Allah pa ban nou mwayen pou nou bay lacharite pou pwòp tèt nou?! Paske, lè nou di: "Subhanallah" (Glwa pou Allah) se yon rekonpans lacharite pou nou, konsa tou di: "Allahu Akbar" (Allah pi gran) se yon lacharite, epi di: "Al-hamdulillah" (Lwanj pou Allah) se yon lacharite, epi di: "La ilaha illallah" (Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah) se yon lacharite, epi kòmande sa ki byen se yon lacharite, epi entèdi sa ki mal se yon lacharite, epitou, menm lè youn nan nou fè relasyon (entim) ak madanm li, se yon lacharite. Yo te sezi anpil, epi yo mande: "O Mesaje Allah ! Èske youn nan nou ka satisfè dezi seksyèl li epi jwenn yon rekonpans pou sa?!" Li (Pwofèt la) reponn: "Èske nou pa panse ke si li ta satisfè dezi sa a nan yon fason ki entèdi (haram), tankou adiltè oswa lòt bagay, èske li pa tap jwenn yon peche? Konsa tou, si li satisfè li nan fason ki pèmèt (halal) la, lap jwenn yon rekonpans."
Konpetisyon Konpayon yo pou fè bon aksyon, ak gwo anvi yo te genyen pou jwenn gwo rekonpans ak byenfè nan men Allah, Ki Pi Wo a.
Gen anpil fason pou moun fè bon zèv, e yo kouvri tout aksyon yon mizilman fè ak yon bon entansyon epi avèk yon objektif ki sensè.
Fasilitasyon ak soulajman ki genyen nan Islam nan fè chak mizilman jwenn aksyon li kapab fè pou li obeyi Allah.
An-Nawawi te di: "Nan sa a, gen yon prèv ki montre aksyon ki pèmèt (mubahat) yo tounen zak adorasyon gras ak bon entansyon. Konsa, rapò seksyèl kapab vin yon zak adorasyon si yon moun fèl ak entansyon pou li akonpli dwa madanm li epi viv avèl nan bon fason Allah te kòmande a, oswa poul chèche gen yon pitit ki bon, oswa pou li pwoteje tèt li oswa madanm li (kont sa ki mal), oswa pou li anpeche yo tou 2 gade sa ki entèdi, panse ak sa, oswa anvi fè sa, oswa lòt entansyon ki gen valè."
Bay egzanp ak konparezon; pou li ka pi klè epi fè plis enpak nan lespri moun kap koute a.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 697) (1006).
Plis (8)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 201).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 161).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (3/ 31).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 150).
Cited in books
10 BooksPlis (10)
- الإسلام أصوله ومبادئه(وفي بضع أحدكم صدقة. قالوا: يا رسول الله! أيأتي أحدنا شهوته ويكون له فيها أجر؟ قال: أرأيتم لو وضعها في حرام أكان عليه وزر؟ فكذلك إذا وضعها في الحلال كان له أجر)[245].
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الأول)«وَفِي بُضْعِ أَحَدِكُمْ صَدَقَةٌ»، قَالُوا: يَا رَسُولَ اللَّهِ! أَيَأْتِي أَحَدُنَا شَهْوَتَهُ وَيَكُونُ لَهُ فِيهَا أَجْرٌ؟ قَالَ: «أَرَأَيْتُمْ لَوْ وَضَعَهَا فِي حَرَامٍ أَكَانَ عَلَيْهَا فِيهَا وِزْرٌ؟ فَكَذَالِكَ إِذَا وَضَعَهَا فِي
- الصيام ومجموعة أسئلة في أحكامه«وَفِي بُضْعِ أَحَدِكُمْ صَدَقَةً»، قَالُوا: يَا رَسُولَ اللهِ، أَيَأْتِي أَحَدُنَا شَهْوَتَهُ وَيَكُونُ لَهُ فِيهَا أَجْرٌ؟ قَالَ: «أَرَأَيْتُمْ لَوْ وَضَعَهَا فِي الحَرَامِ، أَكَانَ عَلَيْهِ فِيهَا وِزْرٌ؟ وَكَذَلِكَ إِذَا وَضَعَهَا فِي ا
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 1 «أَرَأَيْتُمْ لَوْ وَضَعَهَا في حَرَامٍ أَكَانَ عَلَيْهِ فيها وِزْرٌ؟ فكذلكَ إذا وضَعَهَا في الحَلاَلِ كانَ لَهُ أَجْرٌ».
- مجموعة زاد الحديث(2)1«أَوَلَيْسَ قَدْ جَعَلَ الله لَكُمْ مَا تَصَّدَّقُونَ؟ إِنَّ بِكُلِّ تَسْبِيحَةٍ صَدَقَةً، وَكُلِّ تَكْبِيرَةٍ صَدَقَةً، وَكُلِّ تَحْمِيدَةٍ صَدَقَةً، وَكُلِّ تَهْلِيلَةٍ صَدَقَةً، وَأَمْرٌ بِالْمَعْرُوفِ صَدَقَةٌ، وَنَهْيٌ عَنْ مُنْكَرٍ صَ
- مجموعة زاد الحديث(2)1«أوَليس قد جعل الله لكم ما تَصَّدَّقُون؟!»
- مجموعة زاد الحديث(2)1«وفي بِضع أحدِكم صدقة»
- مجموعة زاد الحديث(2)1«أَرَأَيْتُمْ لَوْ وَضَعَهَا فِي حَرَامٍ أَكَانَ عَلَيْهِ فِيهَا وِزْرٌ؟ فَكَذَلِكَ إِذَا وَضَعَهَا فِي الْحَلَالِ كَانَ لَهُ أَجْرٌ»،
- مجموعة زاد الحديث(2)1«وَفِي بُضْعِ أَحَدِكُمْ صَدَقَةٌ».
- موسوعة الأسئلة (المجموعة الأولى)أَنَّ نَاسًا مِنْ أَصْحَابِ النَّبِيِّ ﷺ قَالُوا لِلنَّبِيِّ ﷺ: يَا رَسُولَ اللهِ، ذَهَبَ أَهْلُ الدُّثُورِ بِالْأُجُورِ، يُصَلُّونَ كَمَا نُصَلِّي، وَيَصُومُونَ كَمَا نَصُومُ، وَيَتَصَدَّقُونَ بِفُضُولِ أَمْوَالِهِمْ. قَالَ: «أَوَلَيْسَ قَ