Skip to content

Vrèman, lapriyè ki pi difisil pou ipokrit yo se lapriyè Icha a ak lapriyè Fajr la; epi si yo te konnen sa ki ladan yo, yo ta vini pou yo patisipe nan yo menm si se pou yo ta trennen sou men ak jenou yo.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Vrèman, lapriyè ki pi difisil pou ipokrit yo se lapriyè Icha a ak lapriyè Fajr la; e si yo te konnen sa ki ladan yo, yo ta vini pou yo patisipe nan yo menm si se pou yo ta trennen sou men ak jenou yo. Mwen te gen entansyon kòmande pou yo fè apèl pou lapriyè a, epi mwen te ka bay yon mesye lòd pou li dirije moun yo nan lapriyè, aprèsa poum te pati ak kèk mesye ki gen pakèt bwa nan men yo al jwenn moun ki pa vini nan lapriyè a poum te boule kay yo sou yo ak dife.

«‌إِنَّ ‌أَثْقَلَ صَلَاةٍ عَلَى الْمُنَافِقِينَ صَلَاةُ الْعِشَاءِ وَصَلَاةُ الْفَجْرِ، وَلَوْ يَعْلَمُونَ مَا فِيهِمَا لَأَتَوْهُمَا وَلَوْ حَبْوًا، وَلَقَدْ هَمَمْتُ أَنْ آمُرَ بِالصَّلَاةِ فَتُقَامَ، ثُمَّ آمُرَ رَجُلًا فَيُصَلِّيَ بِالنَّاسِ، ثُمَّ أَنْطَلِقَ مَعِي بِرِجَالٍ مَعَهُمْ حُزَمٌ مِنْ حَطَبٍ إِلَى قَوْمٍ لَا يَشْهَدُونَ الصَّلَاةَ، فَأُحَرِّقَ عَلَيْهِمْ بُيُوتَهُمْ بِالنَّارِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) fè konnen konsènan moun ki ipokrit yo (Mounafiqin) ak jan yo parese pou asiste lapriyè a, sitou lapriyè aswè a ak lapriyè douvanjou a, e li deklare si yo te konnen valè rekonpans ak benediksyon ki genyen nan asiste yo an gwoup avèk Mizilman yo, yo tap vini pou yo menm si se tap rale tankou rale yon ti bebe sou men you ak jenou yo. Sètènman, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pran yon desizyon fèm pou li bay lòd pou yo etabli lapriyè a, epi pou li mete yon nonm nan plas li pou li sèvi kòm imam pou pèp la, aprèsa pou li ale ansanm ak moun ki pote pakèt bwa jwenn mesye ki pa asiste lapriyè an gwoup la pou li boule kay yo sou yo ak dife; poutèt gravite peche yo te komèt nan sa, -men li pa te fè sa- paske nan kay yo te gen medam ak timoun inosan ansanm ak lòt moun ki gen eskiz valab, ki pa gen okenn peche.

Siyifikasyon mo yo

المنافقين: الذين يظهرون الإسلام ويبطنون الكفر.

ولو يعلمون: علم إيمان ويقين.

فتُقَام: ينادى لها بالإقامة.

حُزَمٌ: جمع حزمة، وهو ما جُمع وشُدَّ بحبل ونحوه.

Pami benefis Hadith la

Danje ki genyen nan manke lapriyè an gwoup nan moske a.

Moun ki ipokrit yo (Mounafiqin) pa gen okenn lòt entansyon nan adorasyon yo eksepte pou yo fè moun wè epi pou moun ka di bon pawòl sou yo, konsa yo pa vin nan lapriyè eksepte lè moun ap gade yo.

Gwo rekonpans ki genyen nan lapriyè Icha ak Fajr an gwoup, epi yo merite pou moun ale nan yo menm si se ranpe.

Kenbe lapriyè Icha a ak Fajr se yon pwoteksyon kont ipokrizi, epi rate yo se pami karakteristik ipokrit yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 451) (651).

Sahih Al-Bukhari (1/ 132) (657).

Plis (6)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 88).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص107).

تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.

لابن عثيمين (1/ 136).