Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn repete souvan: “O Ou menm ki vire kè yo jan Ou vle, kenbe kèm fèm sou relijyon Ou an.”
Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di:
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn repete souvan: «O Ou menm kap vire kè yo, kenbe kè mwen fèm sou relijyon Ou an.» Lè sa a, mwen te di: "O Mesaje Allah, nou kwè nan ou ak nan sa ou pote a, èske ou gen krentif pou nou?" Li reponn: «Wi, san dout, kè yo nan mitan 2 dwèt pami dwèt Allah yo, Li vire yo jan Li vle.»
كَانَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يُكْثِرُ أَنْ يَقُولَ: «يَا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّتْ قَلْبِي عَلَى دِينِكَ»، فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ، آمَنَّا بِكَ وَبِمَا جِئْتَ بِهِ فَهَلْ تَخَافُ عَلَيْنَا؟ قَالَ: «نَعَمْ، إِنَّ القُلُوبَ بَيْنَ أُصْبُعَيْنِ مِنْ أَصَابِعِ اللهِ يُقَلِّبُهَا كَيْفَ يَشَاءُ».
Pifò nan priyè (envokasyon) Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) se te mande Allah fòs pou li rete fèm nan relijyon an ak nan obeyisans Li, epi pou li rete lwen devyasyon ak egareman. Epi, Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, te etone wè jan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè envokasyon sa a anpil, konsa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè li konnen ke kè yo ant 2 dwèt pami dwèt Allah yo, Li vire yo jan Li vle, Kè a se kote lafwa ak mekreyans etabli. Yo rele kè a konsa poutèt li pa sispann chanje; li vire tounen pi rèd pase yon chodyè kap bouyi a gwo bouyon. Konsa, moun Allah vle a, Li kenbe kè li dwat sou bon chemen an, epi Li rann li solid nan relijyon an. Men, moun Allah vle a, Li detounen kè li lwen bon chemen an, pou lage li nan devyasyon ak egareman.
Soumisyon Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) devan Senyèl la ansanm ak siplikasyon li ba Li avèk imilite, epi fason li gide kominote a pou yo mande menm bagay sa a.
Enpòtans pou rete dwat ak kenbe fèm nan relijyon an, epi sa ki konte toutbon an se finisman an.
Sèvitè a paka pase menm yon bat zye san sekou Allah pou kenbel fèm sou chemen Islam nan.
Ankourajman pou fè priyè (envokasyon) sa a souvan, pou imite Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li).
Rete fèm nan Islam se pi gwo benediksyon an sèvitè a dwe fè efò pou li jwenn, epi pou li remèsye Granmèt li pou li.
Sounna At-Tirmidhi (4/ 19) (2140).
Mousnad Ahmad (19/ 160) (12107).
Plis (10)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (17/ 476).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 567).
نزهة المتقين.
لمجموعة من الباحثين (2/ 1014).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص808).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (6/ 41).
Cited in books
11 BooksPlis (11)
- الدعاء من الكتاب والسنة الدعاء ويليه العلاج بالرقى من الكتاب والسنة (للوزارة)70- ((يَا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّت قَلْبِي عَلَى دِينِكَ)).
- الدعاء ويليه العلاج بالرقى من الكتاب والسنةالدعاء من الكتاب والسنة70- «يَا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّت قَلْبِي عَلَى دِينِكَ»[32].
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«اللَّهُمَّ يَا مُقَلِّبَ القُلُوْبِ! ثَبِّتْ قَلْبِي عَلَى دِينِكَ»
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«يَا مُقَلِّبَ القُلُوْبِ! ثَبِّتْ قَلْبِي عَلَى دِينِكَ»
- تطبيق القرآن والأذكارأدعية النبي صلى الله عليه وسلم 70- ((يَا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّت قَلْبِي عَلَى دِينِكَ))[84].
- خطب تعظيم قدر الصلاة"يَا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّتْ قَلْبِي عَلَى دِينِكَ"
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 7«يا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّتْ قلبي علىٰ دِيْنِكَ».
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«يَا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّتْ قَلْبِي عَلَى دِينِكَ» [28].
- قاموس الكبائر«يَا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّتْ قَلْبِي عَلَى دِينِكَ» [28].
- مجموعة زاد الحديث(3)1«يا مقلبَ القلوب ثبِّتْ قلبي على دينك»
- نبراس طالب (5)1«كَانَ رَسُولُ اللهِ ﷺ يُكْثِرُ أَنْ يَقُولَ: يَا مُقَلِّبَ القُلُوبِ ثَبِّتْ قَلْبِي عَلَى دِينِكَ، فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ، آمَنَّا بِكَ وَبِمَا جِئْتَ بِهِ، فَهَلْ تَخَافُ عَلَيْنَا؟ قَالَ: نَعَمْ، إِنَّ القُلُوبَ بَيْنَ أُصْبُعَيْنِ