Skip to content

Vrèmanvre, Allah Bon , epi Li pa aksepte anyen sof sa ki bon (ki pwòp). Epi vrèmanvre, Allah pase kwayan yo lòd pou yo fè menm sa Li te pase Mesaje yo lòd pou yo fè a.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Anverite, Allah pwòp (Li bon nèt), epi Li aksepte sèlman sa ki pwòp. Allah bay kwayan yo menm lòd Li te bay Pwofèt yo. Men sa Li te di Pwofèt yo: 'O nou menm Mesaje yo! Manje nan sa ki bon (ki pwòp), epi fè sa ki dwat', Epi Li di kwayan yo tou: 'O nou menm ki kwè! Manje nan sa ki bon nan sa nou ba nou yo.' Aprèsa, Pwofèt la bay egzanp yon vwayajè ki fè yon vwayaj byen lwen, cheve li tou gaye ,li kouvri ak pousyè, epi lap leve 2 bral nan syèl la, lap rele: "O senyè! O senyè!" poutan, manjel se vòlè (haram), bwason li se vòlè, rad sou li se vòlè, epi li grandi nan sa ki mal (haram). Ki jan pou Allah ta fè reponn yon moun konsa?!»

«إنَّ اللَّهَ طَيِّبٌ لَا يَقْبَلُ إلَّا طَيِّبًا، وَإِنَّ اللَّهَ أَمَرَ المُؤْمِنِينَ بِمَا أَمَرَ بِهِ المُرْسَلِينَ، فَقَالَ تَعَالَى: {يَا أَيُّهَا الرُّسُلُ كُلُوا مِنْ الطَّيِّبَاتِ وَاعْمَلُوا صَالِحًا}، وَقَالَ تَعَالَى: {يَا أَيُّهَا الَّذِينَ آمَنُوا كُلُوا مِنْ طَيِّبَاتِ مَا رَزَقْنَاكُمْ} ثُمَّ ذَكَرَ الرَّجُلَ، يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ، أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إلَى السَّمَاءِ: يَا رَبِّ! يَا رَبِّ! وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِيَ بِالحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَابُ لَذلك».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè sou li) fè konnen anverite, Allah pwòp (Li bon nèt), Li Sen, Li pa gen okenn enpèfeksyon ni defo, epi Li posede tout pi bèl kalite ki pafè yo. Li pa aksepte okenn aksyon, pawòl, ni kwayans sof sa ki bon (pwòp), sa vle di sa ki fèt ak yon kè ki pwòp sèlman pou Allah, epi ki anakò avèk gidans (sunnah) Pwofèt la (lapè sou li). Se sèl fason sa a yon moun dwe chache rapwoche li sou Allah. Youn nan pi gwo mwayen ki pèmèt aksyon yon kwayan vin bon (pwòp) se lè manje lap manje a bon (pwòp), epi lè li asire li se nan sa ki legal (halal) li soti, paske se konsa aksyon li yo ap vin pi bon (pwòp). Se poutèt sa, Allah bay kwayan yo menm lòd Li te bay Pwofèt yo pou yo manje sa ki legal (halal) epi pou yo fè sa ki dwat, Men sa Li te di: "O nou menm Mesaje yo! Manje nan sa ki bon (ki pwòp), epi fè sa ki dwat, anverite, Mwen konnen byen sa nap fè a." Epi Li te di: "O nou menm ki kwè! Manje nan sa ki bon nan sa nou ba nou yo." Aprèsa, li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti kont manje bagay ki entèdi (haram) ki gate zèv la epi ki anpeche yo aksepte li, kèlkeswa sa li ta fè pami kòz ki parèt aklè pou jwenn akseptasyon an; pami yo: Premyèman: Pwolonje vwayaj la nan fè zak obeyisans yo, tankou Hadj (Pelerinaj), Jiyad, kenbe bon relasyon ak fanmi (Silatoul-Rahim), ak lòt bagay ankò. Dezyèmman: Moun ki gen chevel gaye paske li pa penyen li, epi koulè po li ak koulè rad li chanje akòz pousyè, sa ki montre li nan yon sitiyasyon gwo nesesite (detrès). Twazyèmman: Li leve 2 men li nan syèl la pandan lap fè Doua a. Katriyèmman: Li chèche mwayen pou pwoche bò kote Allah avèk Non li yo, epi li ensiste nan sa: O Senyè, O Senyè! Epi malgre tout rezon sa yo pou yo reponn lapriyè a, yo pa tande li; sa se paske manjel se vòlè (haram), bwason li se vòlè, rad sou li se vòlè, epi li grandi nan sa ki mal (haram). Donk, li trè lwen pou yo ta reponn yon moun ki nan kondisyon sa a, epi ki jan pou Allah ta fè reponn li?!

Pami benefis Hadith la

Pèfeksyon Allah Toupwisan an nan esans li, nan kalite li yo, nan aksyon li yo, ak nan jijman li yo.

Lòd pou travay ak yon kè ki sensè pou Allah sèlman, Toupwisan an, epi pou swiv Pwofèt la, ke lapè ak benediksyon Allah sou li.

Sèvi ak sa ki ankouraje pou moun aji, jan Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Vrèmanvre, Allah te kòmande kwayan yo sa Li te kòmande mesaje yo". Konsa, lè kwayan an konnen ke sa fè pati sa yo te kòmande mesaje yo, li jwenn fòs epi li vin ankouraje poul obeyi.

Pami bagay ki anpeche yo reponn siplikasyon an, se manje sa ki haram(ki pa legal,ki pa rekòmande)

Pami kòz ki fè yo reponn yon Doua, gen 5 bagay: Premye a: Fè vwayaj ki long, paske sa pote imilite ak feblès, ki se youn nan pi gwo kòz pou jwenn repons lan. Dezyèm nan: Lè moun nan twouve li nan yon gwo nesesite (sitiyasyon dezespere). Twazyèm nan: Leve 2 men yo anlè nan direksyon syèl la. Katriyèm nan: Pèsiste bò kote Allah nan repete ke Li se Senyè a, epi sa se youn nan pi gwo mwayen pou yo mande repons pou Doua a. Senkyèm nan: Manje ak bwè sa ki bon (ki Halal).

Manje sa ki legal (halal) ak sa ki bon (ki pwòp) se pami rezon ki ede nan fè bon aksyon.

Al-Qadi te di: 'Bon (Al-Tayyib) se lekontrè sa ki Move (Al-Khabith). Kidonk, lè yo itilize tèm sa a pou Allah Toupwisan an, sa vle di Li lwen ak tout defo epi Li pwoteje kont tout mankman. Lè yo itilizel pou yon sèvitè (yon moun) nan sans jeneral, sa vle di moun sa a debarase tèt li de vye moralite ak move zak, epi li raye kòl ak kalite ki opoze ak sa yo (bon konpòtman). Parèy tou, lè yo dekri richès (byen/lajan) ak mo sa a, sa vle di li se yon byen ki legal (Halal) epi ki soti nan pi bon kalite richès yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 703) (1015).

Plis (5)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

لإسماعيل الأنصاري (ص27).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص141).

الأحاديث الأربعين النووية مع ما زاد عليها ابن رجب وعليها الشرح الموجز المفيد (ص22).