Skip to content

Moun ki kite lapriyè Asr la, zèv li yo anile.

Daprè Buraydah bin al-Husayb (ke Allah satisfè de li), li te di:

Fè priyè Asr la byen bonè, paske Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) te di: «Moun ki abandone priyè Asr la, tout zèv li yo anile.»

بَكِّرُوا بِصَلَاةِ الْعَصْرِ، فَإِنَّ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ قَالَ: «مَنْ تَرَكَ صَلَاةَ الْعَصْرِ فَقَدْ حَبِطَ عَمَلُهُ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) te avèti kont retade priyè Asr la aprè lè li pa entansyon, epi ke moun ki fè sa zèv li anile epi gate, epi li ale pou gremesi.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Ankouraje pou toujou fè lapriyè Asr la touswit lè lè a fenk antre, epi prese fè sa.

Gen yon menas ki trè sevè pou moun ki abandone priyè Asr la, epi rate li jiskaske lè li pase pi grav pase rate lòt yo, paske se li ki lapriyè mitan an ki vize espesyalman nan lòd ki nan pawòl Allah Toupwisan an: (Veye sou lapriyè yo, ak lapriyè mitan an) [Al-Baqarah: 238].

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 115) (553).

Mousnad Ahmad (38/ 152) (23045).

Plis (9)

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (5/ 56).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمصطفى الخِن وغيره (2/ 777).

فيض القدير شرح الجامع الصغير (3/ 206).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (2/ 260).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص614).