Fason pou fè beny pirifikasyon aprè relasyon entim oswa enpite majè (Ghusl al-Janabah).
Daprè Maymouna, Manman Kwayan yo (ke Allah satisfè avèk li), li te di:
Mwen te prepare dlo pou Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li te ka benyen (fè gousl), epi mwen te kouvri li avèk yon moso twal. Li te vide dlo sou 2 men li, epi li te lave yo. Aprèsa, li te vide dlo avèk men dwat li sou men gòch li, epi li te lave pati prive li. Epi li te frape men li atè, li te fwotel, aprèsa li te lave li. Epi li te rense bouch li ak nen li, epi li te lave figi li ak 2 bra li. Aprèsa, li te vide dlo sou tèt li, epi li te fè dlo koule sou tout kòl. Aprèsa, li te deplase, epi li te lave 2 pyel. Mwen te lonje yon moso twal ba li, men li pat pran li. Epi li te ale pandan li t ap souke men li.
وَضَعْتُ لِلنَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ غُسْلًا، فَسَتَرْتُهُ بِثَوْبٍ، وَصَبَّ عَلَى يَدَيْهِ، فَغَسَلَهُمَا، ثُمَّ صَبَّ بِيَمِينِهِ عَلَى شِمَالِهِ، فَغَسَلَ فَرْجَهُ، فَضَرَبَ بِيَدِهِ الأَرْضَ، فَمَسَحَهَا، ثُمَّ غَسَلَهَا، فَمَضْمَضَ وَاسْتَنْشَقَ، وَغَسَلَ وَجْهَهُ وَذِرَاعَيْهِ، ثُمَّ صَبَّ عَلَى رَأْسِهِ وَأَفَاضَ عَلَى جَسَدِهِ، ثُمَّ تَنَحَّى، فَغَسَلَ قَدَمَيْهِ، فَنَاوَلْتُهُ ثَوْبًا فَلَمْ يَأْخُذْهُ، فَانْطَلَقَ وَهُوَ يَنْفُضُ يَدَيْهِ.
Manman kwayan yo, Maymounah (se pou Allah satisfè avèk li) , te rapòte fason Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè beny pirifikasyon an aprè relasyon entim (Ghusl al-Janabah). Li te prepare dlo pou li te ka benyen, epi li te kouvril ak yon twal pou kachel, konsa Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè sa ki swiv yo: Premyèman: Vide dlo sou 2 men yo epi lave yo anvan mete yo nan veso a. Dezyèmman: Li vide dlo ak men dwat li sou men gòch la, epi li lave pati prive (entim ) nan kò la, pou netwayel de sa ki kole sou li nan tras janaba a. Twazyèmman: Li te frape men li atè, li te fwote li, epi aprèsa li te lavel poul te ka retire salte a sou li. Katriyèmman: Rense bouch ou; sa vle di mete dlo nan bouch ou, fèl fè mouvman epi brase li ladan li, aprèsa, voyel jete, epi rale dlo nan nen w; sa vle di mete dlo nan nen w ak souf ou, aprèsa, voyel soti pou netwayel. Senkyèmman: Lave figi li ak 2 bra li yo. 6- Vide dlo sou tèt li. 7- Vide dlo sou rès kò a. 8: Li deplase sot kote li te ye a, epi li lave 2 pye li yo nan yon lòt kote, paske li pat lave yo anvan sa. Aprèsa, li te vin jwenn li avèk yon moso twal poul te ka seche kòl avèk li epi li pat pran li, epi li te kòmanse siye dlo a sou kò li avèk men li, epi li tap souke l.
Enpòtans madanm Pwofèt yo (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay pou dekri pi piti detay nan lavi li, yon fason pou anseye kominote a (Oummah).
Fason sa a pou fè beny lan se youn nan metòd ki pwouve daprè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) sou fason pou moun fè yon beny konplè pou soti nan eta "janabah" oswa gwo salte espirityèl la. Men, kanta pou fason ki jis ase pou li akseptab la, se pase dlo sou tout kò li nèt, ansanm ak rense bouch li, ak rale dlo nan nen li.
Siye kò a ak yon moso twal oswa kite li san siye aprè gousl oswa woudou, se yon bagay ki pèmèt.
Sahih Al-Bukhari (1/ 63) (276).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 254) (317).
Plis (4)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص64).
تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.
لابن عثيمين (1/ 78).