Skip to content

Padan map sèmante sou non Allah ki gen lavim nan men li, pitit gason Mari a gen pou li desann nan mitan nou talè konsa kòm yon jij ki jis; lap kase kwa a, lap touye kochon an, lap aboli taks jizya a, epi lajan pral tèlman gaye toupatou, pèsonn pap bezwen li ankò.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Pa Sila ki gen nanm mwen nan menl lan, asireman pitit Mari a prèt poul desann nan mitan nou kòm yon jij ki jis, lap kase kwa a, lap touye kochon an, lap aboli Jizyah a, epi richès ap tèlman abondan jiskaske pèsonn pap aksepte l.»

«وَالَّذِي نَفْسِي بِيَدِهِ، لَيُوشِكَنَّ أَنْ يَنْزِلَ فِيكُمْ ابْنُ مَرْيَمَ حَكَمًا مُقْسِطًا، فَيَكْسِرَ الصَّلِيبَ، وَيَقْتُلَ الخِنْزِيرَ، وَيَضَعَ الجِزْيَةَ، وَيَفِيضَ المَالُ حَتَّى لاَ يَقْبَلَهُ أَحَدٌ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè sèman ke Jezi, pitit Mari a, (ke lapè a sou li) trè pwòch pou li desann, pou li jije pami moun yo ak jistis daprè lalwa Muhammad la, Epi li ap kase kwa a ke kretyen yo (Nasara yo) venere a, Epi Issa (Jezi) -ke lapè Allah sou li ap touye kochon an, Epi li (se pou lapè sou li) ap aboli taks la, epi lap oblije tout moun nèt pou yo antre nan Islam. Epi vrèman, lajan ap debòde jiskaske pèsonn pap aksepte li; sa se poutèt li vin twòp, epi chak moun ap gen ase ak sa ki nan men yo, ansanm ak benediksyon kap desann epi byen kap kontinye vini san rete.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Konfimasyon desann 'Issa (Jezi) -ke lapè Allah sou li nan dènye tan yo, epi sa se pami siy kap anonse lafen tan an (Jou Jijman an).

Lalwa (Chari'a) Pwofèt la (se pou benediksyon Allah kouvri li) pa gen okenn lòt ki ranplase li.

Benediksyon kap desann nan richès nan dènye tan yo, ansanm ak detachman (Zuhd) moun yo pou li.

Bon nouvèl kap anonse relijyon Islamik la ap rete, kote 'Issa (Jezi) -ke lapè Allah sou li- pral gouvène avèk li nan dènye tan yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (3/ 82) (2222).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 135) (155).

Plis (3)

شرح النووي على مسلم (1/471).

التوضيح (14/555).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (12/ 35).