Mwen fè sèman sou non Sila a ki kenbe lavim nan men li an: Nenpòt moun nan epòk sa a (nan kominote sa a) ki tande pale de mwen, kit li se Jwif, kit li se Kretyen, epi li mouri san li pa kwè nan mesaj yo voyem avèl la, lap pami moun ki pral nan Lanfè.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), daprè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«Mwen fè sèman sou non Sila a ki kenbe lavim nan men li an: Nenpòt moun nan epòk sa a (nan kominote sa a) ki tande pale de mwen, kit li se Jwif, kit li se Kretyen, epi li mouri san li pa kwè nan mesaj yo voyem avèl la, lap pami moun ki pral nan Lanfè.»
«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) fè sèman sou non Allah: Nenpòt moun nan kominote sa a, kit se yon jwif, kit se yon kretyen, oswa nenpòt lòt moun, ki tande pale de li epi mesaj Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) rive jwenn li, aprèsa li mouri san li pa kwè nan li; se sèten moun sa a ap fè pati moun ki pral rete nan dife lanfè pou tout tan gen tan.
Mesaj Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) la pou tout limanite nan mond lan , li obligatwa pou tout moun swiv li, epi lwa li a anile tout lòt lwa ki te anvan yo
Nenpòt moun ki renye Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), pretansyon li genyen kòm li kwè nan lòt pwofèt yo (ke lapè ak benediksyon sou yo tout) pap sèvi li anyen.
Nenpòt moun ki pat janm tande pale de Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi apèl Islam an pa te janm rive jwenn li, lap jwenn padon, epi desizyon sou ka lia nan lòt lavi a rete nan men Allah (Toupwisan an).
Benefis ki genyen nan anbrase Islam nan ka tire menm si se yon ti moman anvan lanmò, kit se nan yon maladi grav, osi lontan ke nanm nan poko rive nan gòj la.
Deklarasyon ki di relijyon moun ki pa kwayan yo – tankou jwif yo ak kretyen yo – bon oswa valid la, se yon aksyon ki mete moun nan deyò nan Islam.
Yo mansyone jwif ak kretyen you nan adit la sèvi kòm yon avètisman sou moun ki pa yo; se paske jwif yo ak kretyen yo gen yon liv sakre, donk si se konsa sitiyasyon yo ye, moun ki pa gen liv menm yo pi merite sa toujou. Kidonk, li obligatwa pou yo tout antre nan relijyon li a epi obeyi li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 134) (153).
Plis (5)
شرح النووي على مسلم (2/ 186).
الإفصاح عن معاني الصحاح.
لابن هبيرة (8/ 192).
طرح التثريب في شرح التقريب.
لعبد الرحيم العراقي (7/ 159).
Cited in books
10 BooksPlis (9)
- الأسئلة المختارة من قاموس الأسئلة الشائعة حول الإسلامقسم النبوة«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ، لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ، إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ»
- الأسئلة المختارة من قاموس الأسئلة الشائعة حول الإسلامقسم القرآن والكتب السابقة«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ»
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الأول)«وَالَّذِى نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ لَا يَسْمَعُ بِى أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الأُمَّةِ يَهُودِىٌّ وَلَا نَصْرَانِىٌّ ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِى أُرْسِلْتُ بِهِ إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ».
- المنهج الوجيــز1«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ، لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ، وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ».
- عقيدة الأئمة الأربعة«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ، لَا يَسمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ، إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ»
- موسوعة الأسئلة (المجموعة الأولى)«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ، لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ، إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ»
- موسوعة الأسئلة (المجموعة الأولى)«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ»
- نبراس طالب (4)1«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ، لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ، إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ»
- نبراس طالب (5)1«وَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ، لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ، إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ»