Moun ki pi kontan (oswa ki pi ere) pou jwenn entèsesyon mwen jou jijman an, se moun ki te di "La ilaha illa Allah" (Pa gen lòt dye eksepte Allah) ak tout senserite ki soti nan kè li oswa nan nanm li.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè ak li), li te di:
Yo te mande: "O Mesaje Allah! Kiyès ki moun ki pi ere (oswa ki gen plis chans) pou jwenn entèsesyon ou nan Jou Jijman an?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn: "O Abu Huraira, mwen te panse pa tap gen pèsonn anvan ou ki tap mandem sou hadith (pawòl) sa a, paske mwen wè jan ou enterese anpil pou aprann hadith yo. Moun ki pi ere pou jwenn entèsesyon mwen nan Jou Jijman an, se moun ki te di 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye eksepte Allah) ak tout senserite ki soti nan fon kè li oswa nan nanm li."
قيل يا رسول الله من أسعد الناس بشفاعتك يوم القيامة؟ قال رسول الله صلى الله عليه وسلم: «لقد ظننت يا أبا هريرة ألا يسألني عن هذا الحديث أحد أول منك لما رأيت من حرصك على الحديث، أسعد الناس بشفاعتي يوم القيامة، من قال لا إله إلا الله، خالصًا من قلبه أو نفسه».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke moun kap pi kontan ak entèsèsyon li jou Jijman an, se moun ki di: "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, ak tout senserite ki soti nan kèl," sa vle di pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi pou li libere anba asosyasyon (Chirk) ak fè wè (Riya).
...:
Konfimasyon ke Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ap gen pouvwa pou fè entèsesyon (chafa'a) nan lavi aprè lanmò a, epi ke entèsesyon sa a se sèlman pou moun ki pratike Tawhid (moun ki kwè nan inikite Allah san yo pa fè chirk) yo li ye.
Entèsesyon Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) se lè li mande Allah Toupwisan an pou moun ki te kwè nan inikite Li (Muwahhidin) e ki te merite dife lanfè a, pou yo pa antre ladan li; e pou moun ki te deja antre ladan li yo, pou yo ka soti.
Merit (oswa gwo valè) pawòl Tawhid (inikite Allah) lè li soti nan yon kè ki sensè pou Allah Toupwisan an, ak gwo enpak pozitif li genyen.
Reyalizasyon pawòl Tawid la fèt lè yon moun konnen sans li, epi li aji selon egzijans li.
Merit Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), ak efò li fè pou chèche konesans.
Sahih Al-Bukhari (1/ 31) (99).
Plis (4)
منار القاري شرح مختصر صحيح البخاري.
لحمزة محمد قاسم (1/ 197).
القول المفيد على كتاب التوحيد.
لابن عثيمين (1/ 343).
Cited in books
6 BooksPlis (6)
- العقيدة الصحيحةدروس العقيدة الصحيحة«أَسْعَدُ النَّاسِ بِشَفَاعَتِي يَوْمَ الْقِيَامَةِ: مَنْ قَالَ لا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، خَالِصًا مِنْ قَلْبِهِ أَوْ نَفْسِهِ»
- عقيدة الأئمة الأربعة«أَسْعَدُ النَّاسِ بِشَفَاعَتِي يَوْمَ الْقِيَامَةِ، مَنْ قَالَ: لَا إِلٰهَ إِلَّا اللَّهُ، خَالِصًا مِنْ قَلْبِهِ أَوْ نَفْسِهِ»
- مشروع المنهج التعليميمادة التوحيد مستوى 1«أَسْعَدُ النَّاسِ بِشَفَاعَتِي يَوْمَ القِيَامَةِ، مَنْ قَالَ لاَ إِلَهَ إِلَّا اللهُ، خَالِصًا مِنْ قَلْبِهِ، أَوْ نَفْسِهِ»
- مشروع المنهج التعليميمادة التوحيد مستوى 1«أَسْعَدُ النَّاسِ بِشَفَاعَتِي يَوْمَ القِيَامَةِ، مَنْ قَالَ لاَ إِلَهَ إِلَّا اللهُ».
- موسوعة الإيمان«لَقَدْ ظَنَنْتُ يَا أَبَا هُرَيْرَةَ، أَنْ لَا يَسْأَلُنِي عَنْ هَذَا الحَدِيثِ أَحَدٌ أَوَّلُ مِنْكَ؛ لِمَا رَأَيْتُ مِنْ حِرْصِكَ عَلَى الحَدِيثِ، أَسْعَدُ النَّاسِ بِشَفَاعَتِي يَوْمَ القِيَامَةِ، مَنْ قَالَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ خ
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) فعن أبي هريرة رضي الله عنه أنه قال: قلت: يا رسول الله، مَن أسعد الناس بشفاعتك يوم القيامة؟ قال رسول الله صلى الله عليه وسلم: «لَقَدْ ظَنَنْتُ يَا أَبَا هُرَيْرَةَ أَلَّا يَسْأَلُنِي عَنْ هَذَا الحَدِيثِ أَحَدٌ أَوَّلُ مِنْكَ لِمَا رَأَيْتُ