Skip to content

Malè pou talon yo anba dife Lanfè a! Fè woudou a yon fason ki konplè.

Bò kote Abdoullah ibn Omar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:

Nou te retounen avèk Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) soti Lamèk pou ale Medin, jiskaske nou te rive bò yon dlo sou wout la. Yon gwoup moun te prese lè lè lapriyè 'Asr la te rive, epi yo te fè ablisyon (Woudou) yo byen vit. Lè nou rive kote yo, talon pye yo te parèt aklè san dlo pat touche yo. Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvril) di: «Malè pou talon pye yo anba dife Lanfè a! Akonpli ablisyon an (Woudou a) yon fason ki konplè.»

رَجَعْنَا مَعَ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ مِنْ مَكَّةَ إِلَى الْمَدِينَةِ حَتَّى إِذَا كُنَّا بِمَاءٍ بِالطَّرِيقِ تَعَجَّلَ قَوْمٌ عِنْدَ الْعَصْرِ، فَتَوَضَّؤُوا وَهُمْ عِجَالٌ، فَانْتَهَيْنَا إِلَيْهِمْ وَأَعْقَابُهُمْ تَلُوحُ لَمْ يَمَسَّهَا الْمَاءُ فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «وَيْلٌ لِلْأَعْقَابِ مِنَ النَّارِ أَسْبِغُوا الْوُضُوءَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te vwayaje soti Lamèk pou ale Medin, ansanm ak konpayon li yo, epi sou wout yo, yo te jwenn dlo. Konsa, kèk nan konpayon yo te prese pran dlo (fè ablisyon) pou lapriyè Asr la, jiskaske sechrès dèyè pye yo (talon yo) te parèt aklè san dlo nan zye moun ki tap gade. Lè sa a, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Chatiman ak destriksyon nan Dife pou moun ki neglije lave dèyè pye yo lè yap pran dlo (fè ablisyon)," epi li te ba yo lòd pou yo pran anpil prekosyon pou yo byen konplete ablisyon an nèt.

Pami benefis Hadith la

Li obligatwa pou lave 2 pye yo nan woudou a; paske si li te otorize pou moun pase men mouye, li pa tap menase ak dife moun ki pa lave talon yo.

Se yon obligasyon pou dlo a kouvri tout pati ki dwe lave yo nèt, epi nenpòt moun ki kite yon ti pati nan sa ki obligatwa poul pirifye a, kit esprè oswa pa neglijans, lapriyèl la pap valab.

Enpòtans pou anseye moun ki inyoran an epi gide li.

Savan an kondane sa li wè sou jan yo neglije obligasyon relijye yo ak pratik pwofetik yo (Sounnah yo), nan yon fason ki apwopriye.

Muhammad Ishaq al-Dahlawi te di: Isbagh (fè woudou a byen fèt) la gen 3 kalite: fard (obligasyon), ki se lave tout pati a nèt yon sèl fwa; sounna (tradisyon), ki se lavel 3 fwa; ak moustahab (rekòmande), ki se pwolonjel ansanm ak fèl 3 fwa a.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 44) (163).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 214) (241).

Plis (1)

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (6/ 273).