Skip to content

Mwen ba nou konsèy pou nou gen krentif pou Allah, pou nou koute epi obeyi moun kap dirije nou yo, menmsi se yon esklav kap kòmande nou. Paske, moun nan mitan nou ki va viv lontan aprè mwen, li gen pou li wè anpil divizyon ak dezakò. Lè sa a, se pou nou swiv chemen mwen an (Sounat) ak chemen ranplasan mwen yo ki byen gide.

Daprè Abou Najih Al-Irbad pitit gason Sariya a (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon diskou pou nou; kè nou te sote epi dlo te koule nan zye nou. Lè sa a, nou di li: 'O Mesaje Allah ! Diskou sa a sanble ak diskou yon moun kap di orevwa, tanpri ban nou yon dènye konsèy.' Li te di:

"Mwen ba nou konsèy pou nou gen krentif pou Allah, pou nou koute epi obeyi moun kap dirije nou yo, menmsi se yon esklav kap kòmande nou. Paske, moun nan mitan nou ki va viv lontan aprè mwen, li gen pou li wè anpil divizyon ak dezakò. Lè sa a, se pou nou swiv chemen mwen an (Sounna) ak chemen ranplasan mwen yo (Kalif) ki byen gide yo, mòde ladan l ak tout fòs dan dèyè nou. Veye kò nou ak bagay moun envante nan relijyon an, paske tout inovasyon (Bid’ah) se yon pèdi chemen."

«أُوصِيكُمْ بِتَقْوَى اللَّهِ، وَالسَّمْعِ وَالطَّاعَةِ، وَإِنْ تَأَمَّرَ عَلَيْكُمْ عَبْدٌ، فَإِنَّهُ مَنْ يَعِشْ مِنْكُمْ بَعْدِي فَسَيَرَى اخْتِلَافًا كَثِيرًا، فَعَلَيْكُمْ بِسُنَّتِي وَسُنَّةِ الخُلَفَاءِ الرَّاشِدِينَ المَهْدِيينَ، عَضُّوا عَلَيْهَا بِالنَّوَاجِذِ، وَإِيَّاكُمْ وَمُحْدَثَاتِ الأُمُورِ؛ فَإِنَّ كُلَّ بِدْعَةٍ ضَلَالَةٌ».

Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon diskou pou konpayon li yo ki te touche yo anpil; kè yo te sote epi dlo te koule nan zye yo. Lè sa a, yo di: "O Mesaje Allah ! Diskou sa a sanble ak diskou yon moun kap di orevwa." Poutèt jan yo te wè li (lapè ak benediksyon Allah sou li) te mete aksan nan diskou a, yo te mande l yon konsèy pou yo kapab kenbe fèm apre li. Li di: "Mwen ba nou konsèy pou nou gen krentif pou Allah (Toupisan epi Trè O a), epi sa fèt lè nou fè sa ki obligatwa yo ak lè nou kite sa ki entèdi yo. Pou nou koute epi obeyi, sa vle di: moun kap dirije nou yo, menmsi se yon esklav kap kòmande nou oswa ki pran kontwòl sou nou. Sa vle di menmsi se moun ki gen nivo ki pi ba pami kreyati yo ki vin tounen chèf (Emir) sou nou, pa gen ògèy kont sa epi obeyi li, pou evite leve dezòd (Fitna). Paske, moun nan mitan nou ki va viv lontan, li gen pou li wè anpil divizyon ak dezakò." Apre sa, li te montre yo wout pou yo sòti nan divizyon sa a, e sa se lè yo kenbe fèm ak chemen li an (Sounna) ansanm ak chemen ranplasan li yo (Kalif) ki byen gide apre li yo: Abou Bakr As-Siddiq, Omar bin Al-Khattab, Ousman bin Affan, ak Ali bin Abi Talib (se pou Allah satisfè ak yo tout). Ak mòde ladan l ak tout fòs dan dèyè yo, sa vle di – dènye dan yo – : sa ki vle di pran sa ak anpil serye pou nou rete kole sou Sounna a epi kenbe li fèm. Epi li te avèti yo pou yo veye kò yo ak bagay moun envante nan relijyon an, paske tout inovasyon (Bida) se yon pèdi chemen.

Pami benefis Hadith la

Enpòtans pou kenbe fèm ak Sounnah a epi swiv li.

Pran swen konsyans epi adousi kè yo

Lòd pou swiv 4 Kalif ki te sou chemen dwat yo epi ki te byen gide yo aprè li, yo se: Abou Bakr, Omar, Ousman, ak Ali (se pou Allah kontan ak yo).

Entèdiksyon pou fè inovasyon nan relijyon an, epi tout inovasyon (nan relijyon an) se yon pèdi chemen.

Koute epi obeyi moun ki responsab zafè kwayan yo, depi se pa pou fè peche (oswa sa ki kont relijyon an).

Enpòtans krentif pou Allah ki gen Tout Pouvwa ak Tout Grandè a nan tout moman ak tout sikonstans.

Diferans (dezakò) rive nan pèp sa a (kominote a), epi lè sa rive, li obligatwa pou tounen nan chemen (Sunnah) Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak Chèf (Kalif) ki te byen gide yo.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 16) (4607).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 408) (2676).

Sounna Ibn Majah (1/ 28) (42).

Mousnad Ahmad (28/ 367) (17142).

Plis (4)

Karant (40) Hadith pa Al-Nawawi (ص: 89) (ح28).

تحفة الأحوذي (7/ 366).

عون المعبود وحاشية ابن القيم (12/ 235).

شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 278).